Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/23/2018
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Ray Allen, yo Entwodui nan ‘Hall of Fame’ 2018 ak Fondasyon ‘Ray of Hope’ pral Devwale yon Nouvo Laboratwa Òdinatè nan Lekòl Mwayen Lake Stevens avèk Sipò ‘Tutoring America’

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; manm Komisyon Konsèy Lekòl; Ray Allen Vedèt ‘Hall of Fame’ 10x ‘All-Star,’ NBA 2x Chanpyon NBA e filantwòp; reprezantan ‘Foundation for New Education Initiatives, Inc.’; ak elèv e anplwaye nan Lekòl Mwayen Lake Stevens 

KISA:

Evènman Koupe Riban Laboratwa Òdinatè  

KILÈ:

Madi 29 me 2018

9:30 dimaten pou 11:30 dimaten

9:30 dimaten Asanble   

 11è dimaten Koupe riban nan laboratwa òdinatè a; elèv yo pral patisipe nan yon   pwojè òdinatè nan salklas la


KI KOTE:

Lake Stevens Middle School

18484 NW 48th Place

Miami Gardens, FL 33055


POUKISA:

Fondasyon Ray of Hope Ray Allen nan ak ‘Tutoring America’ Jay Hatfield ap bay yon     laboratwa òdinatè dènye kri nan Lekòl Mwayen Lake Stevens. 

Fondasyon Ray of Hope, yon òganizasyon ki pa la pou pwofi Vedèt ‘NBA” Ray Allen mete sou pye, ede avèk pwogram ki gen rapò ak espò e ki gen baz kominotè e li ofri chemen opòtinite kote jèn nou yo ka espere reyalize tout potansyèl yo.  Fondasyon an bay, oubyen kolekte lajan pou bay, òdinatè, mèb, penti, e amelyore salklas pou fè laboratwa òdinatè nan divès lekòl nan nòdès Etazini. 

Depi 2017 Tutoring America, yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, ap travay pou ede fèmen eka nan edikasyon ki anpeche jèn ki soti nan fanmi revni yo ba reyalize tout potansyèl yo kòm elèv.  Don òganizasyon an ale dirèkteman nan lekòl ak òganizasyon kominotè ki egziste yo pou finanse pwofesè prive ki kalifye, ki ap bay leson patikilye sou pwogram òdinatè ak enfòmatik.  Pou plis enfòmasyon, vizite TutoringAmerica.org.    


Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho. 



# # #

18-DGD/236/RAM/CM


Retounen

Follow us