Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/11/2018
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Premye Chèf Polis Ispanik nan Lekòl Miami-Dade Pral Prete Sèman

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, chèf polis ak anplwaye kòmand nan ajans aplikasyon lalwa, administratè Distri, lidè biznis ak                                 sitwayen ki enterese
 

KISA:

Prestasyon Sèman pou Edwin López Chèf Polis Lekòl Miami-Dade

KILÈ:

Lendi 16 jiyè 2018
10è dimaten

KI KOTE:

School Board Administration Building, Auditorium
1450 N.E. 2nd Avenue
Miami, FL 33132

POUKISA:

Edwin López pral premye Ispanik ki prete sèman kòm Chèf Polis Lekòl Miami-Dade depi yo te premye etabli Depatman Sèvis Sekirite a nan ane 1960 yo.

Lopez, yon gradye nan Lekòl Segondè Southwest, ap travay nan Lekòl Leta Miami-Dade County depi plis pase 20 ane kote li te kòmanse kòm yon pwofesè edikasyon fizik anvan li te resevwa fòmasyon pou l antre nan fòs polis la. Nan sèvis li kòm yon ofisye polis, sèjan, kòmandan ak majò, Lopez te ranpli plizyè fonksyon atravè karyè li nan aplikasyon lalwa, tankou Ofisye Resous Polis, manm Ekip Entèvansyon Espesyal, Patwouy sou Bisiklèt, Inite Afè Entèn, Inite Rechèch ak Kòmandan Rejyon. Li te sèvi tou kòm yon “Detached Investigator” (Envestigatè Detache) pou Biwo ‘Gang Strike Force’ Avoka Eta Miami-Dade County.
 
Anplis, López se yon pwofesè nan Kolèj Miami Dade nan pwogram jistis kriminèl ak edikasyon. Li gen diplòm bachelye ak metriz nan Florida International University. 


Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

# # #

18-DGD/006/HD/RL


Retounen

Follow us