Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, reprezantan The Children’s Trust, Miami-Dade County, Career Source South Florida, JPMorgan Chase & Co., Royal Caribbean Cruise Lines, South Florida Educational Federal Credit Union ak lòt Founisè Estaj nan Ete a pou Jèn yo
Rekonesans ak Selebrasyon Founisè Estaj nan Ete a pou Jèn nan Sid Florid la
Jedi 19 septanm 2019
6è – 8è diswa
Holiday Inn Miami Beach
4333 Collins Avenue
Miami Beach, Florida 33140
Pou selebre siksè Estaj nan Ete 2019 pou Jèn yo e remèsye enstitisyon ki finanse pwogram nan tankou Children’s Trust, Miami-Dade County, Career Source South Florida, JPMorgan Chase, Royal Caribbean Cruise Lines, South Florida Educational Federal Credit Union e plis pase 800 biznis lokal ak patnè kominotè ki te sèvi kòm konseye pou plis pase 3000 elèv entèn nan Lekòl leta Miami-Dade County.
Pwogram Estaj nan Ete a pou Jèn yo, ki te elaji an 2014 avèk yon don $100,000 JPMorgan Chase & Co., ekipe plizyè milye elèv avèk ladrès enpòtan yo bezwen pou yo fè siksè nan karyè yo.
Suiv selebrasyon an sou Twitter nan itilize hashtag #SYIP2019
Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.