Anplwaye, Elèv, ak Paran Lekòl Leta Miami-Dade County
MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Tuesday, August 26, 2025
***NÒT POU LAPRÈS***
***POU OBJEKTIF PLANIFIKASYON SÈLMAN*** M-DCPS ap Distribye Yon Milyon Repa bay Fanmi yo pou Vakans Ivè
Anplwaye, Elèv, ak Paran Lekòl Leta Miami-Dade County
Distribisyon repa pou elèv
Mèkredi 16 desanm 2020
Pou de (2) èdtan - Imedyatman apre lekòl lage
139 kanpous lekòl M-DCPS
Lekòl Leta Miami-Dade County ‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’ ap prepare pou distribye apeprè yon milyon repa bay plis pase 40,000 elèv ki nan bezwen. Nan yon efò pou asire elèv yo gen sekirite alimantè pandan de (2) semèn vakans ivè yo ki ap kòmanse lendi 21 desanm, distribisyon manje nan ‘‘drive-thru’’ (livrezon nan machin) sa yo ap gen ladan pwoteyin, fwi, legim ak pen.
Yo chwazi lekòl ki pou patisipe nan Distribisyon Manje Vakans Ivè a baze sou kantite elèv anndan lekòl la ki resevwa benefis repa midi gratis/nan pri redui. Kantite atik manje yo resevwa yo ap egal a 12 dejene ak 12 repa midi, pou chak elèv, daprè kondisyon demand USDA.
REMAK EDITÈ a: Se pou objektif repòtaj medya sèlman. Silvouplè pwomote li sèlman apre evènman an, akoz evènman sa a pa ouvè pou tout piblik la.
Medya ki enterese fè repòtaj yon distribisyon repa dwe kontakte Jacquelyn Calzadilla, Direktris Relasyon Medya yo nan jcalzadilla@dadeschools.net.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/066/NZ/RD/SD
Exceptional Student Education at M-DCPS helps students thrive
M-DCPS helps students with autism thrive inside and outside classroom
M-DCPS Helps its Students With Autism Thrive Inside and Outside the Classroom
Miami-Dade County Public Schools implements environmentally friendly policies and practices
Title I Chess program teaches students critical thinking skills
Project UP-START Helps Students and Their Families With Adequate Housing, Transportation and More