Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/19/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Vin Jwenn ak Nou Pou Yon Seremoni “Topping-Out” Nan Konvèsyon Yon Nouvo Sant K-8

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, administratè distri ak lekòl, enterese yo ak kominote a an jereral

KISA:

Seremoni ‘Topping-Out’ pou Konvèsyon Yon Nouvo Sant K-8

KILÈ:

Vandredi 21 Me 2021

9è dimaten

KI KOTE:

Lekòl Mwayen Thomas Jefferson

525 N.W. 147th Street

Miami, FL 33168

POUKISA:

Seremoni Topping-out se yon ansyen tradisyon ki make pwogrè yon travay konstriksyon, yon dat enpòtan oubyen yon pwojè ki toupre fini. Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè yon Seremoni ‘Topping-Out’ pou konvèsyon yon nouvo Sant K-8 nan Lekòl Mwayen Thomas Jefferson ak Lekòl Elemantè Biscayne Gardens.

 

‘Silva Architects LLC’ ak ‘Contractor Thornton Construction Company’ te ap travay sou Faz I pwojè $11 milyon dola sa a. Dimansyon travay la gen ladan yon nouvo bilding 34,500 pye kare, de-etaj ak 1,428 plas pou elèv, ak 10 salklas elemantè ak 17 salklas entèmedyè, yon plas antre prensipal, yon espas pou timoun fè espò ak aktivite fizik, pasaj pyeton ki kouvri, espas pou paran depoze timoun ak teren jwèt.

 

Lekòl sa yo posib grasa apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Nou ap itilize bon an pou modènize bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e modènize teknoloji nan tout lekòl yo.

KONTAK:

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/124/HD/RD/CM


Retounen

Follow us