Sipèentandan Alberto M. Carvalho, administratè Distri a
MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Sunday, August 24, 2025
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS Pral Fè yon Reyinyon Kominotè Televize konsènan Efò Itilizasyon Fon Sekou/Ijans COVID-19 ESSER yo
Sipèentandan Alberto M. Carvalho, administratè Distri a
Reyinyon Kominotè sou Itilizasyon Fon Sekou COVID-19 yo
Jedi 15 Jiyè 2021
6 - 7:30 diswa
School Board Administration Building
Auditorium
1450 N.E. Second Avenue
Miami, FL 33132
Miami-Dade County) ap devlope kounye a yon plan depans pou “Elementary and Secondary School Emergency Relief (ESSER)” (Fon Sekou Ijans Lekòl Elemantè ak Segondè), e li envite tout moun ki gen enterè nan kominote a pou vin pataje opinyon yo konsènan itilizasyon lajan federal sa a.
Objektif reyinyon kominotè sa a se ofri yon rezime sou plan sa a nou te diskite nan Atelye sou Bidjè ki te fèt nan Reyinyon Konsèy 30 jen an, e li ofri manm kominote a opòtinite pou poze kesyon e bay opinyon yo pou kontinye ede prepare plan estratejik pou itilizasyon fon M-DCPS resevwa yo.
Pou plis enfòmasyon, vizite https://covidrelief.dadeschools.net/
Nou mande pou piblik la voye kesyon yo avan e pandan reyinyon andirèk la, atravè imèl nan ESSER@dadeschools.net.
Evènman sa a ap televize andirèk tou sou WLRN-TV Chèn 17, e nou ap difize li andirèk nan https://www.eduvision.tv/l?eAeeyRO
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
21-DGD/004/HD/CM
Exceptional Student Education at M-DCPS helps students thrive
M-DCPS helps students with autism thrive inside and outside classroom
M-DCPS Helps its Students With Autism Thrive Inside and Outside the Classroom
Miami-Dade County Public Schools implements environmentally friendly policies and practices
Title I Chess program teaches students critical thinking skills
Project UP-START Helps Students and Their Families With Adequate Housing, Transportation and More