Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/10/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS Pral Fè Yon Konferans Pou Laprès Pou Anonse Gwo Kado Filantwopik Pou Elaji Pwogram Leson Patikilye Nan Matematik Nan Lekòl Mwayen.

KIYÈS:

Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Doktè Jose L. Dotres, manm Komisyon Konsèy Lekòl yo, Doktè Sadie Stockdale Jefferson, reprezantan Laboratwa Edikasyon ‘University of Chicago’, Reprezantan Distri a, anplwaye lekòl la, pwofesè ak elèv yo.

KISA:

Anons pou yon Gwo Don Filantwopik pou kontinye bay leson patikilye nan matematik nan wo nivo pou lekòl mwayen.

KILÈ:

Jedi 11 avril 2024

Soti 12:45 rive 2:30 nan aprèmidi

KI KOTE:

Riviera Middle School

10301 SW 48th Street

Miami, Florid 33165


POUKISA:

M-DCPS, an patenarya ak Laboratwa Edikasyon University of Chicago, pral anonse li pral resevwa yon gwo don filantropik pou sipòte kontinyasyon ak ogmantasyon leson patikilye wo-nivo nan matematik nan lekòl mwayen yo. Inisyativ sa a pral ede elèv Miami-Dade yo ratrape yo apre kriz edikasyonèl pandemi COVID-19 la te lakòz.

 

Efò sa a fè pati gran inisyativ nasyonal Laboratwa Education University of Chicago a ki rele Inisyativ Aprantisaj Pèsonalize epi efò sa yo ap kontinye gras a yon gwo kado filantwopi Ken Griffin, fondatè ak Direktè Jeneral konpayi Citadel ak Griffin Catalyst la, te fè.

KONTAK:

Elmo R. Lugo, Direktè Relasyon Medya nan erlugo@dadeschools.net


# # #

24-VSP/075/AR/RD/CM


Retounen

Follow us