Sipèentandan Lekòl yo
Jose L. Dotres, Manm Konsèy Lekòl la, elèv Lekòl Leta Miami-Dade, anplwaye
pwogram “Project UP-START” (Pwojè UP-START) ak patnè kominotè
MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Sunday, June 21, 2026
***NÒT POU LAPRÈS***
Boutik 'Prom' nan Ofri Elèv yo Rad Gratis pou Ale nan 'Prom'
Sipèentandan Lekòl yo
Jose L. Dotres, Manm Konsèy Lekòl la, elèv Lekòl Leta Miami-Dade, anplwaye
pwogram “Project UP-START” (Pwojè UP-START) ak patnè kominotè
Evènman Medya nan Boutik
'Prom' nan
Mèkredi 24 Avril 2024 - 9è dimaten
Lindsey Hopkins Technical College
750 N.W. 20th St., Room G -154
Miami, FL 33127
Elèv “Miami-Dade County
Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki merite sa a e ki nan
ki nan sitiyasyon ekonomik frajil pral gen opòtinite pou vizite Boutik “Prom”
(Bal tradisyonèl elèv), ki lokalize nan Kolèj Teknik Lindsey Hopkins, pou
chwazi wòb, kostim ak soulye pou abiye, ansanm ak akseswa pou evènman ‘prom’ ki
pral fèt nan mwa me.
Manm kominote a,
antrepriz lokal ak kèk òganizasyon te bay nouvo atik sa yo pou ede elèv ki pa
gen mwayen pou achte abiman ‘prom’ yo e, pakonsekan, pa tap kapab ale nan
evènman enpòtan sa a. Don finansye nou resevwa yo ap peye pou ‘Prom’, fèt pou
elèv k ap diplome yo, admisyon nan aktivite pou elèv dènye ane segondè yo,
ansanm ak chapo ak tòj gradyasyon pou elèv yo.
Boutik la ouvri chak ane
soti mwa mas pou rive premye semèn nan mwa jen, e li sèvi apeprè 60 a 100 elèv
chak semen.
- Elèv
ki ap chwazi atik nan boutik la avèk èd volontè nan kominote a ki ap sèvi kòm
konsiltan
- Ekspozisyon rad ‘Prom’
Elmo Lugo, Direktè
Relasyon Medya Biwo Kominikasyon M-DCPS, nan erlugo@dadeschools.net
# # #
24-VSP/082/HD/SD