Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/1/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS Pral Fè Bal Gradyasyon Anyèl pou Elèv ki Gen Otis, Vandredi 3 Me

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki Gen “Autism Spectrum Disorder (ASD)” (Divès Kondisyon Otis), ajans kominotè, patnè edikasyonèl, pwofesè, elèv, ak reprezantan biznis nasyonal

KISA:

“Prom” (Bal Gradyasyon) Anyèl 2024 M-DCPS pou Elèv ki Gen (ASD) 

KILÈ:

Vandredi 3 Me 2024

11è dimaten rive 1è nan aprèmidi

KI KOTE:

DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center

711 NW 72 Avenue

Miami, Florida 33126

POUKISA:

Apeprè 250 elèv lekòl segondè pral nan evènman enpòtan sa a, ki ofri yon eksperyans inoubliyab pandan elèv ki gen ASD ap konekte avèk kamarad yo nan selebrasyon moman enpòtan sa a. Elèv yo pral patisipe nan eksperyans ‘prom’ total nan abiye avèk toksido e rad fòmèl, pran yon foto ‘prom’, danse avèk son mizik yon “disc jockey” (animatè mizik) pwofesyonèl ofri, e kouwone yon wa ak yon rèn.

KONTAK:

‘RSVP’ voye repons imèl bay Elmo Lugo, Direktè Relasyon Medya nan erlugo@dadeschools.net


# # #

24-VSP/079/HD/RD/SD


Retounen

Follow us