M-DCPS ap Lanse 12èm Selebrasyon Evènman Anyèl "Fathers in Education Day" (Jounen Papa Nan Edikasyon) Li ap Fèt Madi 24 Septanm
Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, Manm Konsèy Administrasyon
Lekòl la, Direktris Lekòl Elemantè Pinecrest Suzette L. Fraginals, Prezidan/CEO
Fatherhood Task Force of South Florida Holly Zwerling, lidè kominotè,
administratè Distri ak lekòl yo, pwofesè, elèv, papa ak gason ki jwe wòl modèl.
Lansman 12èm
Selebrasyon Evènman Anyèl "Fathers in Education Day" (Jounen Papa Nan
Edikasyon) 'Dads and Doughnuts'
Madi
24 Septanm 2024 - 9è dimaten
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap lanse selebrasyon Jounen Papa nan Edikasyon, yon evènman òganizasyon kominotè Fatherhood Task Force of South Florida, te fonde an 2014 ki gen misyon pou ogmante patisipasyon papa yo nan aktivite lavi timoun yo. Gen lòt evènman ki ap fèt nan lekòl atravè Distri a Jedi pou selebre Jounen Papa nan Edikasyon yo.
Yo pral onore Shawn Thomas, ki se chèf 'Watchdog Dads' la, an rekonesans pu remèsye l pou efò li yo. Watchdog Dads, ki te fonde kat ane desa, se yon gwoup papa nan Pinecrest Elementary ki sèvi kòm volontè pou bay plis sipò nan lè rantre ak ranvwa lekò yo, e pandan tout jounen an. Papa sa yo tou manje repa midi ak pitit yo, fè lekti pou yo epi ede pwofesè ak anplwaye yo lè sa nesesè.
"Fathers in Action & Advocacy Week" (Semèn, Defans ak Papa Ann Aksyon" ap fèt nan semèn 23 jiska 27 septanm. Inisyativ sa a mete aksan sou wòl enpòtan ak nesesè papa yo genyen nan enfliyanse devlopman emosyonèl ak akademik pitit yo. Ap gen plis pase 31 seminè gratis ki gen ladan “Fathers in Focus, Fathers and Their Teens, Fathers be the Link ak Dads Navigating College Enrollment” pral fèt nan prède 19 lekòl elemantè, mwayen ak lekòl segondè nan Distri a.
Ap
gen disponibilite laprès ak Shawn Thomas nan Watchdog Dads, Holly Zwerling nan
Fatherhood Task Force of South Florida, òganizatè evènman yo, lòt papa ak elèv
ki asiste yo.
Elmo
R. Lugo, Direktè Relasyon Medya nan erlugo@dadeschools.net