Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/25/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Lekòl Leta Miami-Dade County Pral Fè Evènman Seremoni Lansman Konstriksyon nan John I. Smith K-8 Center

KIYÈS:

Manm Konsèy Administrasyon Lekòl yo, administratè distri ak lekòl ak elèv yo

KISA:

Seremoni Lansman Konstriksyon nan John I. Smith K-8 Center

KILÈ:

Lendi 28 Oktòb 2024

9è dimaten

KI KOTE:

John I. Smith K-8 Center

10415 NW 52nd St.

Doral, FL 33178

POUKISA:

Se M.A.C. Construction, Inc. ki te resevwa kontra konstriksyon, resamman, pou konplete nouvo pwojè $5.7 milyon pou ajoute yon nouvo bilding ansanm ak renovasyon nan John I. Smith K-8 Center. 

Lè pwojè a fini lekòl la pral gen yon nouvo bilding ki ekipe avèk laboratwa pou kou ar, klas òkès ak òdinatè, yon nouvo espas pou kafeterya ak nouvo teren pou elèv jwe. 

Kanpous la ki te konstwi nan Doral an 1995, gen ladan uit bilding sou yon pòsyon 10 ekta tè. Lekòl la, ki gen 1,242 plas pou elèv, pral agrandi kounye a 1,347.

KONTAK:

Elmo R. Lugo, Direktè Medya Relasyon nan erlugo@dadeschools.net


# # #

24-VSP/045/AR/SD/CM


Retounen

Follow us