Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/5/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS Ap Devwale yon Espas Inovasyon Dènye Kri nan Georgia Jones-Ayers Middle School

KIYÈS:

Administratè nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade, Direktris Lekòl Mwayen Georgia Jones-Ayers Dtè. Carol R. Sampson, anplwaye, pwofesè ak elèv.

KISA:

Devwalman Espas inovasyon nan Georgia Jones-Ayers MS

KILÈ:

Jedi 6 Mas 2025

10è dimaten

KI KOTE:

Georgia Jones-Ayers Middle School

1331 NW 46 Street

Miami, FL 33142

POUKISA:

Lekòl la pral devwale Espas Inovasyon li a nan sant medya a, ki gen ladan yon espas ouvè ki gen nouvo mèb ansanm ak yon espas ‘Markerspace’ (ak ekipman, kote elèv kapab rankontre pou kreye pwojè e fè aktivite), ansanm ak 15 kas reyalite vityèl ki fèt pou anrichi pwogram matematik ak syans pou elèv yo.

 

Inisyativ sa a, ki ap kreye 18 espas inovasyon pou lekòl mwayen nan de (2) ane, te resevwa yon finansman $2 milyon gras ak yon patenarya ant M-DCPS, "College Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj Ameriken) ansanm ak "2026 College Football Playoff National Championship Game Host Committee" (Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026).

KONTAK:

Elmo R. Lugo, Direktè Relasyon ak Medya, nan erlugo@dadeschools.net


# # #

25-VSP/106/AR/CM/RD


Retounen

Follow us