Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/27/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Fwa Kolèj Nasyonal 2020 an Atire Plizyè Milyè Elèv ak Paran pou Konsidere Divès Chwa Kolèj

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) reyalize yon lòt siksè ankò nan Fwa Kolèj nasyonal la dimanch dènye nan DoubleTree by Hilton Miami Airport Hotel & Convention Center. Plis pase 10,000 elèv ak paran te patisipe nan evènman katrèdtan an kote reprezantan ki soti nan 200 kolèj ak inivèsite te reponn kesyon konsènan admisyon, èd finansye, lojman ak kondisyon pou pran egzamen.
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman ki se ko-chèmann Fwa Kolèj Miami an depi plis pase de (2) deseni di, “Sa se yon bèl opòtinite ki benefik pou elèv nou yo pou yo resevwa enfòmasyon e aprann konsènan divès chwa akademik ki disponib pou yo.”

Tankou nan ane ki pase avan yo, elèv yo te gen posiblite enskri davans pou yo jwenn yon idantifikasyon elektwonik ki pèmèt yo mande bonjan enfòmasyon nan plizyè enstitisyon akademik. Se “National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj) ak M-DCPS ki te patwone evènman gratis la.



FWA KOLÈJ - Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak manm Komisyon Konsèy Lekòl Mari Tere Rojas ak Dtè. Lawrence Feldman rankontre avèk elèv nan Homestead Senior High School ki te ale nan Fwa Kolèj 2020 an.


“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), yon distri ki resevwa nòt A, se katriyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a avèk prèske 400 lekòl e yon anwolman divèsifye plis pase 350,000 elèv ki soti nan plis pase 160 peyi. Grasa tradisyon akonplisman nou yo ki san parèy nou kontinye jwenn rekonesans nan nivo nasyonal ak entènasyonal. M-DCPS resamman tou atenn 89.2 pousan ki se yon to gradyasyon istorik.
 
Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aprarèy iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/147/HD/CM

Follow us