“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fèmen Ruth K. Broad/Bay Harbor K-8 Center vandredi, annatandan nou fè soti yon lòt nòt sou sa, apre yon anplwaye ‘Town of Bay Harbor Islands’ teste pozitif pou COVID-19 (coronavirus).
A 10:15 nan jedi aprèmidi, ‘Town of Bay Harbor Islands’ te enfòme Distri a sou dyagnostik sa a, “Florida Department of Health in Miami-Dade County (FDOH)) (Depatman Sante Miami-Dade County) konfime. Moun sa a, ki ap travay nan yon pwogram apre lekòl ki lokalize nan sant kominotè ‘Town,’ te gen kontak avèk elèv ki nan pwogram sa a.
Apre konsiltasyon avèk FDOH, Distri a te pran desizyon pou fèmen lekòl la. Nou enfòme paran ak anplwaye yo sou fèmti sa a e nou ba yo enstriksyon pou yo pa vini nan lekòl la. Depatman sante a pral bay plis enfòmasyon vandredi. Nou ka dirije kesyon konsènan ka coronavirus sa a ki konfime, nan FDOH lè n rele 305-324-2400.
Distri a ap prepare l pou posiblite fèmti lekòl yo. Nou ap kontakte fanmi elèv ‘Ruth K. Broad/Bay Harbor’ yo pou yo kòmanse aprantisaj a distans. Nou devlope yon “instructional continuity plan (ICP)” (plan kontinite enstriksyonèl), nou pataje li avèk pwofesè atravè M-DCPS, e nou ka jwenn li nan http://icp.dadeschools.net/. Nou etabli yon liy sipò pou moun ki ap chèche asistans sou aprantisaj a distans. Nimewo pou liy enfòmasyon an, ki ouvè soti 8è dimaten jiska 8è diswa se 305-995-HELP.
Pwogram Asistans Anplwaye a disponib pou sipòte byennèt anplwaye M-DCPS yo. Nou ka gen aksè sou pwogram sa a nan rele 305-995-7111.
M-DCPS kontinye ap suiv devlopman yo deprè e li ap suiv konsèy ki soti nan FDOH, “Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi), Depatman Edikasyon Florid, ak lòt ofisyèl eta a pou pwoteje sante ak byennèt elèv ak anplwaye nou yo.
Nou poste dènye enfòmasyon yo sou http://covid19.dadeschools.net/ e moun ki gen kesyon dwe rele liy enfòmasyon Distri a nan 305-995-3000. Ou ka rete konekte tou lè w telechaje aplikasyon mobil dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou e sou medya sosyal lè w suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
20-DGD/153