“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap avanse nan dezyèm semèn aprantisaj a distans li a anba “Instructional Continuity Plan 2.0. (ICP 2.0.)” (Plan Kontinite Enstriksyonèl) la avèk gwo pousantaj prezans elèv, malgre sa se lansman yon nouvo modèl aprantisaj ak ansèyman a distans.
Lendi 13 avril, 91.3 pousan elèv Klas Matènèl rive 12èm ane eskolè te antre nan pòtal sekirize a pou yo te ka make prezans yo. Pousantaj mwayèn prezans elèv yo ogmante chak jou depi lansman ICP 2.0 a 6 avril, lè Distri a te kòmanse pran prezans yo. Semèn 6 avril la te fini avèk 90.7 pousan prezans an mwayèn chak jou; konpare ak 92.4 pousan ane pase a lè elèv yo te fizikman prezan nan andwa lekòl yo. Pousantaj prezans mwayèn aprantisaj a distans sa a gen ladan elèv ki gen bezwen espesyal, elèv k ap aprann lang Anglè ak sa yo ki resevwa repa midi gratis ak nan pri redui, avèk chak sou gwoup yo montre yon ogmantasyon chak jou e akonpli yon to prezans 90 pousan. An total, 98 pousan elèv M-DCPS te ap aprann sou Entènèt, anba ICP 2.0 a.
ICP 2.0 bay pwofesè, elèv, ak fanmi yo konsèy ak sipò pandan tout kominote lekòl la ann antye ap eseye adapte yo ak eksperyans aprantisaj sou Entènèt la; yon repons ki te nesesè pou fèmti lekòl yo akòz COVID-19 la. Plan an ofri yon fondasyon, gid sou fason pou avanse, ak lòt etap enpòtan nan kourikoulòm nan pou pwofesè, elèv, ak fanmi yo. Li pwomote tou fasilitasyon pou entèraksyon souvan ant elèv-pwofesè atravè plafòm sou Entènèt la.
ICP 2.0 a pèmèt angajman efikas elèv avèk divès aplikasyon edikasyonèl sou Entènèt. Pa egzanp, yè, plis pase 180,000 itilizatè te siyen sou ‘Microsoft Teams’ nan. Anplisdesa, apèl Liy Sipò Aprantisaj a Distans la te diminye anpil paske paran, pwofesè ak elèv yo vin pi konfòtab avèk modèl aprantisaj a distans la ak tout zouti ki disponib li yo.
Distri a ap travay avèk anpil dilijans pou asire pa gen okenn baryè ki anpeche elèv yo kontinye pwogrè ak chemen edikasyonèl yo. M-DCPS distribye plis pase 100,000 aparèy mobil bay elèv yo, ki gen ladan laptòp, tablèt, ak telefòn ki gen konektivite ‘WiFi’. Kòm se yon efò kontinyèl, direktè lekòl yo kontinye ap kontakte paran yo, pou yo evalye bezwen teknolojik pitit yo, e yo mete randevou chak jou pou distribisyon. Si yon timoun toujou gen bezwen yon aprarèy, paran an ka imèl direktè lekòl la pou li mande youn.
Si enfòmasyon kontak pèsonèl yon elèv oubyen fanmi an te chanje, oubyen li chanje nenpòt ki lè, li trè enpòtan pou yo notifye direktè lekòl la imedyatman.
Resous Ansèyman
a Distans M-DCPS
·
Liy Sipò pou Aprantisaj a Distans: 305-995-HELP (4357)
· Liy Sipò pou Edikasyon Adilt ak Karyè Teknik: 305-558-8000
· http://covid19.dadeschools.net/ - Kontinye ofri dènye enfòmasyon konsènan aksyon M-DCPS ki gen rapò ak epidemi
‘coronavirus’ la.
· http://distancelearning.dadeschools.net/ - Gen
ladan enfòmasyon sou Entènèt Comcast gratis ansanm ak bonjan zouti e gid
dijital pou edikatè ak elèv.
· http://icp.dadeschools.net/ - Ofri plan M-DCPS pou aprantisaj a distans
pou elèv klas matènèl-12èm ane eskolè.
· www.careerinayear.com ak www.adulteducationworks.com – Ofri enfòmasyon sou aprantisaj a distans pou opsyon karyè/teknik pou
adilt.
Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/170/NZ/SD/CM