Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/21/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Pwolonje Delè Sondaj pou Re-Ouvèti Lekòl la pou 27 Me

Kòm yon pati nan angajman li pou resevwa opinyon paran sou sijè enpòtan sa a ki se re-ouvèti lekòl, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pwolonje delè sondaj paran an de senk jou anplis. Paran/gadyen elèv M-DCPS gen kounye a jiska fen jounen an, mèkredi 27 me 2020 pou ranpli sondaj la sou Entènèt.

 

District a ap gade plizyè posiblite, nan konsidere machasuiv sou sante yo ansanm ak lòt varyab. Sondaj la ap resevwa opinyon paran sou divès aspè posib sou re-ouvèti lekòl, tankou ekipman pwotektif pèsonèl, pran otobis, espas nan orè lekòl, espas ant salklas yo, edikasyon fizik, pratik ijyèn, ak lòt aspè.

 

Nou ka jwenn sondaj la ann Anglè, Espayòl, oubyen Kreyòl, sou aplikasyon mobil ‘Dadeschools’ la, sou pòtal paran an nan dadeschools.net/parents oubyen nan klike sou lyen sa yo:

 

Anglè: https://surveygoldcloud.com/s/1C3DAC8C818E4D78/28.htm

Espayòl: https://surveygoldcloud.com/s/1C3DAC8C818E4D78/31.htm

Kreyòl: https://surveygoldcloud.com/s/1C3DAC8C818E4D78/29.htm

 

Paran yo dwe gen Nimewo Idantifikasyon elèv yo disponib, pandan y ap pran sondaj la.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/184/NZ/CM

Follow us