Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/22/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS, Miami Dolphins ap Selebre Gayan Prim 2020 ‘‘Values Matter Miami’’

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) an kolaborasyon avèk Miami Dolphins ap selebre avèk fyète katriyèm seremoni anyèl gayan Prim ‘Values Matter Miami 2020’ nan de (2) jou selebrasyon ki anonse gayan yo atravè ‘Twitter’ 21 ak 22 Me 2020.

 

Prim ‘‘Values Matter Miami” (Valè Enpòtan nan Miami) se yon opòtinite pou selebre edikasyon ki baze sou valè M-DCPS bay elèv. Nan senk dènye ane yo, inisyativ sa a fè anpil pwogrè jan evidans yo montre sa nan amelyorasyon kilti ak konpòtman elèv.  Seremoni sa a se aboutisman efò ki fèt ane sa a pou anseye, ransfòse, e selebre konpòtman elèv ki sou menm liy ak nèf valè debaz Distri a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Mwen ap felisite tout gayan ane sa a …. ‘Values Matter Miami’, pwomote e bay modèl konpòtman egzanplè, e li fè pati efò kontinyèl nou pou responsablize elèv yo pou yo pran desizyon pozitif baze sou valè debaz yo, ki ap pèmèt nou fè kontribisyon dirab nan kominote nou an.”

 

Pandan tout ane lekòl 2019-2020 an, Depatman Divizyon Sèvis Elèv te fè patenarya avèk Miami Dolphins pou prezante jwè, atlèt, ansyen elèv, majorèt ak anplwaye nan yon PSA (Anons Sèvis Piblik) chak mwa, nan aksantye chak valè ki asosye ak pwogram nan. Pou seremoni prim ane sa a, jwè Miami Dolphins, Eric Rowe ak Preston Williams, ansyen elèv John Offerdahl ak Shawn Wooden, majorèt Shayla ak Yelina, e anplwaye ak pwofesè Distri M-DCPS yo te kreye yon videyo anons pou gayan elèv, pwofesè, ak lekòl yo.  Chak lekòl gayan yo gen yon banyè yo mete nan koupous la. Yo te chwazi gayan ane sa a nan prèske plis pase 4,500 nominasyon.

 

Vis Chèmann ak CEO Miami Dolphins Tom Garfinkel di, "Miami Dolphins fyè dèske nou travay an kolaborasyon avèk M-DCPS e selebre elèv, edikatè ak lekòl yo ki te bay egzanp modèl pozitif nan kominote a... Valè debaz ‘Values Matter Miami’ aksantye enpòtans pou yon bonjan anviwònman edikasyonèl e yo aliyen dirèkteman ak efò nou pou enspire e edike Sid Florid la."

 

Lis sa a gen ladan de (2) elèv, yon pwofesè ak lekòl ki ranpòte prim nan:

 

SITWAYÈNTE

Marco Mejia, 5th grade, Biscayne Beach Elementary

Abigail Rodriguez, 6th grade, Hammocks Middle

David Osborne, Reading Coach, Ben Sheppard Elementary;

School - International Studies Preparatory Academy                                      

                                               

KOWOPERASYON

Madison Garcia, Kindergarten, Coral Reef Elementary;

Leo Occelien, 7th grade, Jan Mann Educational Center;

Isabel Andres, Paraprofessional, Redondo Elementary;

School - Miami Southridge Senior High

                                               

EKITE

Fabian Perez-Crespo, 5th grade, Miami Springs Elementary

Isaiah Brown, 6th grade, Norland Middle

Lisa Nesenman, Counselor, Brucie Ball Educational Center

School - M.A. Milam K-8 Center

                                               

ONÈTETE

Daniel Calderon, 2nd grade, Palm Springs North Elementary

Tobias Castro, 6th grade, Dr. Rolando Espinosa K-8 Center

Ola Porter, Teacher, Flamingo Elementary

School - Homestead Middle

                                               

ENTEGRITE

Martin Cruz, 2nd grade, Oliver Hoover Elementary;

Kevin Fernandez, 12th grade, South Miami Senior High

Maria Rodriguez, Geometry Teacher, John I. Smith K-8 Center

School - Kensington Park Elementary

 

JANTIYÈS

Vaniah Dixon, Pre-Kindergarten, Frederick Douglass Elementary

Dante Stone, 6th grade, Jane S. Roberts K-8 Center

Andrea Spivak, Teacher, Miami Palmetto Senior High

School - Kendale Lakes Elementary

                                               

POUSUIT EKSELANS

James Serrantes, 3rd grade, Emerson Elementary

Nikola Desnica, 11th grade, MAST@ FIU Biscayne Bay Campus

Rolney Duverney, Music Teacher, North Miami Elementary

School - Southside Preparatory Academy

                                   

RESPÈ

Christina Chery, 4th grade, Hibiscus Elementary

Julia Ortega, 6th grade, Ada Merritt K-8 Center

Ricardo Sanchez, Custodian, Flagami Elementary

School - Miami Shores Elementary

                                                                                   

RESPONSABLITE

Stella Williams, 5th grade, Sunset Elementary

Carlie St. Fluer, 10 grade, North Miami Beach Senior High

Nowkeya Grant, FLVS Paraprofessional, C.O.P.E. Center North

School - Lake Stevens Middle

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.

 


# # #

20-DGD/177/HD/SD/RL

Follow us