Nan yon efò pou bay fanmi yo ak kominote a
enfòmasyon detaye konsènan reouvèti lekòl, “Miami-Dade County Public Schools
(M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) devlope yon nouvo, resous itil ki rele
“Reopen
SMART/Return SAFE” (Reouvè avèk Entèlijans/Retounen avèk Sekirite): Yon Gid pou Reouvèti Lekòl Leta
Miami-Dade County.
Gid la prezante modèl, pwosesis ak pwosedi ansèyman
nou pral aplike ak agrandi pou pwochen ane lekòl 2020-2021 ki ap vini an.
Anplis detay ki gen rapò ak modèl aprantisaj a distans nou an, “My School
Online (MSO)” (Lekòl Mwen sou Entènèt) ak Modèl Bilding Lekòl la yo, gid la gen
ladan tou resous ki gen rapò ak enskripsyon nouvo elèv, vaksinasyon elèv,
asistans pou aksè entènèt, prevansyon kont nuizans, resous pou elèv ki sanzabri,
demand pou gradyasyon, ak lòt enfòmasyon ki itil pou kòmansman nouvo ane lekòl
sa a.
Gid la poste sou paj reouvèti Distri a, reopening.dadeschools.net, kote
nou ka gade oubyen telechaje li. Nou ap poste vèsyon Espayòl ak Kreyòl la nan
jou kap vini yo. Nou ap poste sou paj la entènèt la trè byento tou resous
adisyonèl pou fanmi yo, tankou yon lis ki ajou sou Kesyon Moun Poze Souvan, yon
lis verifikasyon Retou Lekòl ak enfòmasyon sou tout semèn oryantasyon Distri a
sou entènèt pou elèv ak paran, Semèn Byenveni an.
Pandemi COVID-19 la kontinye ap evolye e
kondisyon yo ka chanje. Distri a ap kontinye suiv machasuiv ki soti nan men
antite sante piblik yo e mete gid la ajou, lè nouvo enfòmasyon vin disponib.
Pou
rete kontekte, li enpòtan pou paran yo kenbe enfòmasyon kontak yo ajou nan
lekòl pitit yo. Fanmi yo ka siyen tou pou aksepte resevwa mesaj otomatik odyo
imèl ak tèks nan voye yon tèks “Y” nan 67587.
Pou
dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou
aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/016/NZ/SD/RL