Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/23/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwosedi M-DCPS pou Rapòte ak Retrase Kontak Ka COVID-19

Depi reouvèti lekòl an pèsòn 5 oktòb, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) enplemante yon pwosesis konpreyasif pou adrese ka pozitif COVID-19, ki gen ladan envestigasyon nan lekòl ak estrateji rediksyon ka pou pwoteksyon elèv ak anplwaye. Pou asire tout moun ki gen enterè yo okouran pwosesis ki an plas la, nou atache yon tablo afich ki bay yon reprezantasyon vizyèl pwotokòl envestigasyon/retrase kontak lekòl/andwa M-DCPS yo; ak yon lis kesyon yo poze souvan sou sijè sa a. W ap jwenn anba a yon rezime sou pwotokòl ak pwosedi yo.

 

Si yon elèv oubyen yon anplwaye teste pozitif pou COVID-19, M-DCPS ap suiv de (2) diferan estrateji envestigasyon:

 

       Rapòte Ka Pèsonèl

o   Pou rapòte yon ka, paran yo dwe kontakte lekòl lekòl pitit yo imedyatman. Apre lè lekòl ak nan wikenn, yo dwe rapòte ka yo nan rele 305-995-3000. Anplwaye M-DCPS dwe rapòte ka pozitif yo bay sipèvizè yo dirèkteman.

o   Yon fwa paran/gadyen oubyen anplwaye a rapòte yon ka pozitif bay direktè/administratè andwa, direktè/administratè a ap notifye imedyatman “District School Health Office (DSHO)” (Biwo Sante Distri Lekòl) e li kòmanse envestigasyon retrase kontak nan lekòl/andwa travay la.

o   DSHO ap rapòte ka yo bay “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid) e yo toude ap kolabore pou sipòte direktè lekòl/administratè andwa travay la avèk envestigasyon retrase kontak nan lekòl/andwa travay la.

 

       Ka FDOH Konfime

o   Lè FDOH konfime yon ka, li rapòte l bay DSHO.

o   DSHO notifye direktè lekòl/administratè andwa travay la sou ka ki konfime a.

o   Direktè lekòl/administratè andwa travay la kòmanse envestigasyon nan lekòl/andwa travay la avèk sipò DSHO ak FDOH.

 

Tou de (2) chemen pou rapòte ka sa yo pral debouche sou rezilta sa yo:

 

    DSHO ak FDOH ap travay ansanm pou aplike imedyatman estrateji rediksyon baze sou pwosedi envestigasyon retrase kontak lekòl/andwa a, ki gen ladan yon envestigasyon lekòl ak pwosesis retrase kontak, ki  gen ladan yon revizyon orè elèv/anplwaye yo; si elèv la te monte otobis la, patisipe nan aktivite ki andeyò kourikoulòm nan oubyen nan atletik; e si gen nenpòt lòt moun nan kay la nan lòt lekòl/lokal Distri a.

 

     Yo ap byen dezenfekte tout bilding/etablisman lekòl la an pwofondè.

 

•    Lekòl/andwa travay la ap kòmanse pwosesis notifikasyon an. Administratè lekòl/andwa a ap kontakte dirèkteman nenpòt moun yo idantifye ki te an kontak deprè avèk endividi ki teste pozitif pou COVID-19 la. Yo ap notifye tout kominote lekòl la ann antye, tankou paran ak anplwaye, ap notifye nan yon apèl tefefonik e/oubyen imèl. Paran yo dwe kenbe enfòmasyon ajou nan avèk lekòl yo pou asire yo resevwa notifikasyon sa yo.

 

•   Endividi sa yo ki te an kontak deprè avèk elèv oubyen anplwaye ki teste pozitif pou COVID-19 la ap jwenn lòd pou li ale an karantèn pou 14 jou, menmsi yo pa devlope      sentòm. Yon fwa peryòd karantèn nan fini, endividi sa yo ka retounen lekòl la. Nou pa egzije frè/sè endividi sa yo pou yo ale an karantèn, sofsi yo menm tou te an     kontak avèk endivide orijinal ki teste pozitif pou COVID-19 la, oubyen si yo devlope sentòm.

 

    Nou ap egzije yon elèv ki teste pozitif pou COVID -19 pou li ale nan karantèn jiskaske FDOH notifye DSHO elèv la ka retounen lekòl. DSHO ap notifye direktè lekòl la ki pral li menm notifye paran/gadyen elèv la.

 

Kritè pou Fèmti Lekòl

 

•      Nan anpil ka, desizyon pou fèmen yon salklas oubyen yon lekòl se rezilta envestigasyon kontak deprè a. Sepandan, detèminasyon sa yo ap fèt sou yon baz lekòl endividyèl chak lekòl akòz plizyè faktè ki kapab gen enpak sou desizyon final la. Faktè sa yo gen ladan, men yo pa limite a:

o   Kantite ka COVID-19 pozitif elèv ak anplwaye

o   Elèv ak anplwaye potansyèl yo idantifye ki te ekspoze a lòt nan retrase kontak la

o   Abilite pou dezenfekte andwa lekòl la anvan retou elèv ak anplwaye yo

o   Potansyèl epidemi

o   Ka ki relye andan nan menm lekòl la

o   Abilite pou notifye moun ki afekte yo baze sou jou semèn nan ak lè yo te rapòte ka a

 

Tablodbò COVID-19 Distri a pa fèt pou yon sistèm nan tan reyèl pou dokimante anplwaye ak elèv ki rapòte ka konfime pwòp tèt yo. Fanmi yo ak anplwaye yo pa ta dwe konte sou tablodbò a pou aprann sou ka nan lekòl yo oubyen nan andwa travay la. Yo ap notifye sou ka endividi rapòte pwòp tèt yo nan lekòl oubyen andwa travay la byen anvan nou mete enfòmasyon yo sou tablodbò a, jan nou endike sa anwo a. Nou mande kesyon espesifik lekòl yo nan administrasyon lekòl la.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

20-DGD/044/HD/SD/CM

Follow us