Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/8/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tout lekòl, Etablisman M-DCPS yo, ap Fèmen Lendi Akoz Tanpèt Twopikal Eta

Administratè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo ap kontwole ak anpil atansyon Tanpèt Twopikal Eta e yo rete an kominikasyon deprè avèk “Miami-Dade’s Office of Emergency Management” (Biwo Jesyon Ijans Miami-Dade) ak lòt otorite lokal, eta ak federal yo. Daprè dènye enfòmasyon ki soti nan Sèvis Nasyonal Meteyolojik e aprè konsiltasyon avèk ofisyèl ijans nan Konte a, Distri a ap anile klas nan tout lekòl yo lendi 9 novanm pou asire pwoteksyon a sekirite tout elèv ak anplwaye.  Sa gen ladan ‘‘My School Online’’ (Lekòl Mwen sou Entènèt) ak Edikasyon Adilt, ansanm ak pwogram swen aprè lekòl ki baze nan lekòl yo, aktivite ak evènman atletik yo.

Lendi aprèmidi, administratè distri yo ap evalye kondisyon yo pou detèmine fonksyonman distri a madi.  Elèv, paran ak anplwaye M-DCPS yo ap resevwa dènye nouvèl konsènan semèn lekòl k ap vini an atravè mesaj otomatik. Pou rete konekte, li enpòtan pou paran yo kenbe enfòmasyon kontak yo ajou nan lekòl pitit yo. Fanmi yo kapab enskri tou pou resevwa mesaj tèks ijans lè yo voye mesaj tèks "Y" nan 67587. Distri a ap pataje enfòmasyon tou atravè medya nòmal yo ak medya sosyal.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

20-DGD/051/NZ/SD

Follow us