Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/14/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Apwouve Kalandriye Lekòl 2021-2022 a


Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve Kalandriye Lekòl 2021-2022 a nan dènye reyinyon mansyèl li a, avèk lekòl la ki ap kòmanse 23 out pou elèv.

Kalandriye Lekòl Elemantè e Segondè a gen ladan 180 jou enstriksyon pou elèv ak 196 jou pou pwofesè, ki gen ladan 10 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

Kalandriye Lekòl Adilt/Vokasyonèl la gen ladan 216 jou enstriksyon pou elèv ak 234 jou pou pwofesè, ki gen 12 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

Kalandriye Lekòl Jistis Jivenil la gen ladan 240 jou enstriksyon pou elèv ak 257 jou pou pwofesè, ki gen ladan 11 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

Kalandriye Lekòl yo fèt gras ak yon kolaborasyon ant Komite Travay sou Kalandriye Lekòl la ki gen ladan reprezantan nan Lekòl Leta Miami-Dade County, ‘United Teachers of Dade,’ ak “Parent Teacher Association/Parent Teacher Student Association” (Asosyasyon Paran Pwofesè/Asosyasyon Paran Pwofesè Elèv).

Pou plis enfomasyon vizite http://www.dadeschools.net/calendars/.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

21-DGD/075/HD/SD/CM

Follow us