Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/28/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sèvis Enfòmatik M-DCPS ap Òganize yon Fwa Travay Vityèl 2 Fevriye

‘‘Information Technology Services (ITS)’’ (Sèvis Enfòmatik) ‘‘Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS) (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral òganize yon Fwa Travay Vityèl, madi 2 fevriye pou pataje enfòmasyon sou pozisyon ki ouvè, kondisyon ak pwosesis anbochaj la. Kandida pwospektif yo ka enskri pou patisipe nan apati mèkredi 27 janvye.


Yo gen disponib prèske de (2) douzèn pozisyon nan domèn Sèvis Rezo, Done/Sekirite sou Entènèt, Devlopman Aplikasyon ak Odinatè ak Fonksyonman Etablisman yo ki ouvè.


Patisipan Fwa Travay Vityèl yo pral aprann kòman pou yo aplike pou pozisyon ki ouvri yo, e tou yo ap resevwa asistans sou fason pou yo navige sou sit entènèt Resous Imèn ak Devlopman Distri a.


Pou plis enfòmasyon konsènan pozisyon ki disponib yo e pou w ka enskri pou Fwa Travay Vityèl la, silvouplè vizite http://jobfair.dadeschools.net.


Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.


Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

21-DGD/083/HD/SD

Follow us