Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/12/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pa Pèdi Okazyon an! M-DCPS Ap Ouvè Pwosesis Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon Magnet 15 Avril

Apatide jedi 15 avril 2021, Lekòl Leta Miami-Dade County ap ouvè Pwosesis Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon Magnet la pou bay elèv yo yon lòt opòtinite pou aplike pou plas Magnet pou ane lekòl k ap vini an. Peryòd Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon an ap rete ouvè rive nan kòmansman ane lekòl 2021-2022 an.

Elèv yo dwe aplike e satisfè tout kritè elijiblite yo pou yo admèt e aksepte yo sou baz sa ki aplike anvan yo ap jwenn sèvis anvan. Aksepte yon plas Andeyò Epòk Enskripsyon Magnet la pap afekte elèv ki deja sou yon lis atant nan yon lòt lekòl.

 

W ap jwenn plis enfòmansyon ak lis plas Magnet ki disponib pou ane lekòl 2021-2022 a nan http://offcycle.miamimagnet.com oubyen lè w rele nan 305-995-1922.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

21-DGD/105/HD/SD/CM

Follow us