Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/22/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Komisyone Responsab Konstriksyon pou Kat Pwojè GOB ki Totalize $21.3 Milyon

Nan reyinyon regilye li a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la komisyone kat konpayi konstriksyon pou konplete pwojè “General Obligation Bond” (Bon Obligasyon Jeneral) ki totalize apeprè $21.3 milyon. Yo pral egzekite pwojè sa yo nan kat lekòl mwayen.

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kantite elèv; amelyore sekirite; e modènize teknoloji. Sa ki ap suiv yo se detay sou pwojè yo:



Arvida Middle School – Se JCI International, Inc. (JCI) nou te komisyone kòm konpayi ki Responsab Konstriksyon “at-Risk” (effikasite nan tan e nan pri) pou renovasyon pwojè Arvida middle la. Lekòl la, ki te konstwi an 1975, gen ladan sis building pèmanan e li gen kapasite pou l pran 1,129 plas pou elèv. Pwojè a gen ladan ranplase tout sistèm yo, kanalizasyon, vantilasyon, detektè, eks., ki gen rapo ak dimansyon “mechanical, electrical and plumbing (MEP)” (mekanik, elektrik ak plonbri), ki konsantre sou disiplin ki nesesè pou konstwi building ki gen sekirite e ki efikas pou moun viv ladan. Yo pral ranplase planche sèn an bwa a; y ap amelyore teren basketbòl la; e ap gen divès lòt amelyorasyon ki fèt nan sistèm sekirite dife a.   

Alokasyon total pou pwojè a se - $3.7 million                     Finisman Out 2022

 

Patisipasyon total soutretans S/MBE: 17.96%

Patisipasyon total soutretans S/MBE: M/WBE: 7.73 %



George Washington Carver Middle School - Se T & G Construction nou te komisyone kòm konpayi “Construction Management at-Risk (CMR)” (effikasite nan tan e nan pri) pou renovasyon pwojè Carver Middle la. Lekòl la, ki lokalize nan Coral Gables, te konstwi an 1952 e kounye a li gen 13 bilding e li gen yon kapasite 872 plas pou elèv. Dimansyon travay la gen ladan enstale yon nouvo sistèm jesyon ijans; replase sistèm alam dife nan tout lekòl la; pentire anndan e deyò lekòl la; e amelyore sistèm HVAC nan tout lekòl la.

Alokasyon total pou pwojè a se - $5.2 million                     Finisman – Out 2022


Patisipasyon total soutretans S/MBE: 19.72%

Patisipasyon total soutretans S/MBE: M/WBE: 18.62 %



Homestead Middle School
- Se Thornton Construction Company, Inc. nou te komisyone kòm konpayi “Construction Management at-Risk (CMR)” (effikasite nan tan e nan pri) pou pwojè renovasyon Homestead Middle. Pwojè a gen ladan renovasyon konplè nan oditoryòm nan avèk nouvo chèz, planche, ekleraj, sistèm son, rido pou sèn nan ak yon sistèm pouli, eks. Renovasyon yo ap gen ladan laboratwa syans la; ranplasman fenèt yo; planche; plafon ak ekleraj nan tout pati deyò building nan; pentire deyò building nan; e ranplase fontèn dlo yo avèk nouvo twalèt ki ofri akomodasyon pou ADA ansanm ak fontèn dlo.  

Alokasyon total pou pwojè a se - $8 million                        Finisman – Out 2022


Patisipasyon total soutretans S/MBE: 17.81%
Patisipasyon total soutretans S/MBE: M/WBE: 16.63%



Miami lakes Middle School - Se Veitia Padron, Inc. (VPI) nou te komisyone kòm konpayi “Construction Management at-Risk (CMR)” (effikasite nan tan e nan pri) pou divès renovasyon nan Miami Lakes Middle. Lekòl la, ki te konstwi an 1974, gen ladan de (2) building pèmanan ak kat salklas pòtab. Pwojè a gen ladan demolisman klas pòtab yo; replase eleman nan sistèm chofaj ak klimatizè lekòl la; e y ap ajoute eleman nan alam dife a  sirèn/limyè k ap flache ak detektè lafimen.   


Alokasyon total pou pwojè a se - $4.4 million                     Finisman – Oktòb 2022

Patisipasyon total soutretans S/MBE: 10%


Tout dimansyon pwojè yo dwe genyen rapò ak reparasyon nan domèn sivil, estriktirèl, plonbri, mekanik, elektrik ak finisyon, selon bezwen yo, e an kònfomite avèk Estanda Pwojè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/110/HD/CM

Follow us