Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/23/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Prepare pou Lanse ‘Summer 305 Adventure’ pou Pèmèt Elèv yo Eksplore, Fè Eksperyans & Briye


“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse yon pwogram ete enteresan e solid san parèy. Atravè yon apwòch patikilye, nou kreye "Summer 305 Adventure” (Eksperyans Ete 305) pou adrese timoun yo nan totalite yo, pou satisfè bezwen akademik, fizik, sosyal, ak emosyonèl yo. Eksperyans lekòl ete sa a pral satisfè bezwen san parèy elèv nou yo, diminye pèt aprantisaj akoz pandemi an, epi kontinye adrese pèfòmans ak mank opòtinite ki genyen.

 

"Eksperyans Ete 305” ap kòmanse 14 jen pou rive 20 out 2021, epi ap genyen kou enteresan, avanse, an pèsòn nan 179 lekòl, ak sou entènèt pou elèv klas matènèl jiska dènye ane lekòl segondè.

 

Ane sa a, pou premye fwa, M-DCPS ap fè patenarya avèk “The Children’s Trust,” pi gwo patnè finansye/founisè kan ete nan kominote nou an. Yo ofri plis pase 300 kan atravè kominote a - kèk ladan yo lokalize nan lekòl nou yo. Distri a ap bay pwofesè ki pral travay an ti gwoup avèk timoun yo resous materyèl sou lekti/ekriti debaz ak aritmetik, pou adrese pèt aprantisaj ak devlope ladrès debaz nan lekti ak matematik pou prepare yo pou pwochen nivo klas yo. Malgre kan yo pral fonksyone sou diferan kalandriye, pwofesè nou yo ap bay sèvis pou yon peryòd senk semèn soti 28 jen rive 30 jiyè.

 

Pami chwa pou elèv ki nan klas matènèl rive 5èm ane eskolè yo ap genyen “Smart Start Elementary Camps” (Kan Elemantè ‘Smart Start’) tankou “Hands-on STEAM” (Pratik STEAM), “Investigations/Challenges” (‘Envestigasyon/Defi) ak “Math & Reading Foundations” (Fondasyon Matematik & Lekti), “Foreign Language Immersion Camps” (Kan Imèsyon nan Lang Etranje), “Summer Reading Camps” (Kan Lekti pandan Ete a), ak yon pwogram koneksyon lekòl-lakay ki rele “Backpack Adventure Program” (Pwogram Eksperyans Valiz Lekòl).

 

Konsèp ‘Smart Start Camp’, nou an ofri elèv lekòl elemantè ak mwayèn yo, se yon eksperyans edikasyon ki pote inovasyon sou plizyè dimansyon. Leson patikilye yo ap ofri aprantisaj pratik nan plizyè disiplin nan kou debaz yo pou ranfòse ladrès fondamantal elèv yo ap bezwen nan pwochen nivo klas yo. An menm tan, y ap adrese aprantisaj sosyo-emosyonèl yo.

 

Kan yo se pwogram akademik konplè pandan ete a ki adrese bezwen timoun nan nan totalite li, kòmanse 28 jen rive 30 jiyè.

 

Elèv lekòl mwayen yo kapab patisipe nan “Smart Start Teen Camp” (Kan ‘Smart Start’ pou Adolesan), “Middle School Course Recovery” (Rekiperasyon Kou nan Lekòl Mwayen), yon pwogram “Career Technical Education (CTE)” (Pwogram Edikasyon Teknik Pwofesyonèl pandan Ete a), ak Kan ete “Speak Up!” (Pale!).

 

“(Kan ‘Smart Start’ pou Adolesan)” ap bay elèv lekòl mwayen yo opòtinite pou patisipe nan yon pwogram ete plizyè disiplin ki bay aktivite amizan, enteresan, avèk pwojè pou pratike aprantisaj yo. Elèv yo ap patisipe nan klas kan avèk tèm tankou “Finding Your Voice to Shape the World Around You” (Jwenn Vwa ou pou Fòje Mond ki Antoure w la), “Going Global” (Globalize), “Time to Explore” (Tan pou Eksplore) ak “STEM Up!”. Klas sa yo pral ede elèv yo fè bon analiz ak rezoud pwoblèm pandan y ap prepare pou pwochen klas lekòl k ap vini an. Kan yo ap kòmanse 28 jen pou rive 30 jiyè.

 

Pwogram lekòl segondè yo gen ladan “Summer Youth Internship Program” (Pwogram Estaj pou Jèn pandan Ete a), “High School Credit Recovery” (Ratrapaj Kredi nan Lekòl Segondè), ‘Speak Up! Summer Camp’, ‘CTE Summer Programs’, “Dual Enrollment” (Anwolman Doub), “Algebra 1 EOC (End of Course) Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen Fen Kou Aljèb 1) ak “ACT/SAT Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen ACT/SAT).

 

Pwogram Estaj Jèn pandan Ete a bay elèv yo eksperyans pratik ak opòtinite pou devlope relasyon pwofesyonèl. Pwogram sa a ap fonksyone premye jiyè jiska 5 out 2021. Anplis de resevwa yon salè, patisipan nan pwogram sa a ap resevwa kredi lekòl segondè epi yo gen opòtinite resevwa kredi pou anwolman doub nan Miami Dade College.

 

Tout elèv lekòl segondè ap gen aksè leson patikilye sou entènèt pou ede yo prepare pou egzamen ACT ak SAT yo kapab pran nan otòn nan. Pou jwenn aksè fasil, elèv yo ap twouve leson patikilye yo nan Pòtal yo a.

 

Lekòl ak kan yo ap suiv pwotokòl sante, sekirite ak ijyèn ki anvigè aktyèlman. Y ap bay transpò pou elèv ki satisfè kondisyon kalifikasyon yo, epi y ap bay manje maten ak manje midi gratis. Anplis, y ap bay sèvis sipò sosyo-emosyonèl ak sante mantal.

 

Summer 305 Adventure is the most expansive summer programming seen in decades to ensure that our students enter school in the fall prepared for learning.

 

“Eksperyans Ete 305” se pwogram ete ki pi laj nou wè depi plizyè ane ki asire elèv nou yo vin lekòl nan otòn nan pare pou aprann.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

21-DGD/112/HD/RD/CM

Follow us