Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/27/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwotokòl Sante & Sekirite M-DCPS Mete Anplas pou Seremoni Gradyasyon Klas 2021 an

Gradyasyon an pèsòn “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo, ki pwograme pou premye rive 9 jen, ap respekte rekòmandasyon ak pwotokòl ki mete aksan sou sante ak sekirite jan “CDC” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) ak ekspè sante lokal yo etabli. Sa ap bay fanmi yo opònite pou selebre klas fiti lidè sa yo ki te demontre anpil detèminasyon. 

 

Seremoni gradyasyon yo ap varye nan kantite elèv k ap gradye soti 20 rive 958 gradye. Chanjman sa yo fèt nan seremoni gradyasyon tradisyonèl la pou asire distans sosyal:

 

  • Chak gradye ap resevwa de (2) kat envitasyon pou paran/gadyen yo
  • Paran/gadyen yo ap chita nan GWOUP de (2) moun epi yo dwe sosyalman distansye parapò ak lòt moun
  • Chak andwa ap gen yon antre byen detèmine ki rezève sèlman pou gradye yo 
  • Nou ekate orè gradyasyon an pou diminye anbouteyaj epi bay ase tan pou netwaye ak dezenfekte chak chanm aprè sesyon yo
  • Gradye yo ap kenbe distans sosyal ak direktè lekòl la pou foto yo
  • Gradye yo ap resevwa diplòm yo lè yo retounen “cap and gown” (chapo ak tòj) yo 

 

N ap itilize pwotokòl sante ak sekirite ki rijid pou gradye nou yo ak diyitè k ap patisipe nan seremoni yo, tankou:

 

·   Gradye yo ap kenbe distans sosyal devan podyòm nan

·   Mask oubyen kouvèti vizaj ap obligatwa pou tout patisipan yo

·   Envite sou platfòm nan ap kenbe distans sosyal

·   N ap dezenfekte mikwofòn yo aprè chak oratè

·   Envite sou platfòm nan ap kanpe an liy ak distans sosyal pou resevwa gradye yo

·   Pap gen bay lanmen aprè gradye yo resevwa katab diplòm yo 

·   Se sèlman gradye ak envite ki gen kat envitasyon n ap pèmèt antre nan espas la 

·   N ap bay dezenfektan pou men

 

Nou mande paran/gadyen oubyen envite yo respekte pwotokòl sekirite sante ki dekri anwo a. Anplis mask ak kouvèti vizaj, y ap bezwen ranpli yon tès depistaj sante anvan yo antre. 

 

Gradyasyon yo ap fèt nan twa kote: Miami-Dade Fair & Expo Center, Sant Konvansyon Ocean Bank nan FIU, ak Oditoryòm Lekòl Segondè Miami Senior High. Gradyasyon yo ap difize sou entènèt pou fanmi ak zanmi ki pa kapab ale fizikman. N ap bay plis detay nan jou k ap vini yo.

 

Orè gradyasyon an nan atachman an.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.



# # #

21-DGD/111/HD/RD/SD/CM

Follow us