“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa yon don $14.1 milyon dola nan men “U.S. Department of Education’s (DOE)” (Depatman Edikasyon Etazini) atravè “Magnet Schools Assistance Program (MSAP)” (Pwogram Asistans Lekòl Magnet). M-DCPS se youn nan nèf distri lekòl yo chwazi nan 42 aplikan atravè peyi a pou resevwa prim sa a. Objektif sibvansyon MSAP a se pou elimine, diminye oubyen anpeche izolasyon gwoup minoritè yo nan lekòl elemantè ak segondè pou ranfòse pèfòmans akademik elèv yo.
Kòm lekòl ki gen pwogram Magnet nan tout lekòl yo, elèv nan Hubert O. Sibley K-8 Academy ak Lekòl Elemantè Frances S. Tucker pral patisipe nan pwogram ki baze sou tèm “Science, Technology and Arts (STArts)” (Syans, Teknoloji ak Ar) pou ankouraje devlopman imajinasyon, analiz kritik, rezoud pwoblèm ak eksprime kreyativite yo atravè yon platfòm byen balanse. Elèv lekòl Sibley K-8 yo pral patisipe nan pwogram eksplorasyon ak inovasyon espas, lanmè, latè, ak ar vizyèl/dijital atravè opòtinite aprantisaj pratik. Menm jan an tou, elèv Lekòl Elemantè Tucker yo ap patisipe nan etid entegrasyon espas, lanmè, latè ak dans/mouvman fizik.
M-DCPS louvri premye pwogram Magnet li nan ane 1973. Depi lè sa a, chwa pwogram Magnet yo ogmante anpil nan M-DCPS pou plis pase 380 pwogram. Yon total 27 lekòl benefisye nan bous ‘MSAP’ la depi 1991. Pou plis enfòmasyon sou pwogram Magnet M-DCPS yo, silvouplè vizite miamimagnets.org.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/117/HD/RD/SD