“Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon ap kolabore avèk Miami-Dade County ak ‘The Children’s Trust’ pou jere “Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Ete Estaj pou Jèn) pou ane 2021 an. Inisyativ sa a bay elèv 10èm-12èm ane eskolè M-DCPS yo bonjan estaj, ansanm ak yon opòtinite pou resevwa kredi lekòl segondè e/oswa kolèj.
Pwogram estaj ete dènye a te adapte pwosedi li yo akòz COVID-19 la. Pwogram ane sa a ap fèt an pèsòn, (nan suiv direktiv sante yo) a distans e atravè yon modèl miks.
Elèv lekòl segondè yo dwe konplete 150 èdtan estaj pandan peryòd senk semèn nan, kòmanse 1ye jiyè rive 5 out 2021, nan biznis ak òganizasyon ki anrejistre atravè konte a. Inisyativ sa a ap bay jèn yo edikasyon ak eksperyans travay ki enpòtan, ak opòtinite pou fòmasyon. Anplis frè ak salè òganizasyon ki ap patwone pwogram nan ap peye yo, patisipan yo ap resevwa tou kredi lekòl segondè e yo ka resevwa kredi anwolman doub nan Kolèj Miami Dade.
Elèv ki kalifye yo dwe ranpli kondisyon sa yo:
· Kalifye pou travay Ozetazini e ou dwe yon rezidan nan Miami-Dade County
· Aktyèlman enskri nan yon lekòl segondè M-DCPS
· Ouvri yon kont avèk EdFed – ‘The Educational Federal Credit Union’
· Konplete kou preliminè pou estaj la sou entènèt la, soumèt TOUT dokiman, e enskri pou pwosesis anplwa estaj la nan miami.getmyinterns.org
· Nou ap bay elèv vilnerab yo priyorite si yo satisfè youn nan kritè sa yo: enskri pou repa midi gratis/pri redui; yon “English Language Learners (ELL)” (Elèv k ap Aprann Lang Anglè) oswa yon elèv ki gen abitid absan, avèk 15 oswa plis absans ki pa ekskize.
‘CareerSource South Florida, The Children’s Trust, Miami-Dade County, ak EdFed - The Federal Federal Credit Union’ se prensipal òganizasyon sa yo ki ap patwone inisyativ sa a. Pou enskri yon biznis oswa yon òganizasyon kòm yon founisè estaj, vizite miami.getmyinterns.org.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/115/HD/SD/CM