Meyè Direktè
Lekòl pou Ane 2021 an Rachel B. Autler
Yo te onore tòp administratè “Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo madi aprèmidi
pandan yon seremoni andirèk prim anyèl pou Meyè Direktè ak Asistan Direktè pou
Ane yo.
Yo nonmen Rachel B. Autler ki soti
nan lekòl Elemantè Hialeah Gardens Meyè Direktè pou Ane 2021 an. Li se yon
pwodui ki soti nan lekòl leta Sid Florid la, Autler rekonèt li fè siksè akoz
pwofesè ak anplwaye ki kwè dèske chak elèv li yo se yon endividi ki gen dwa pou
jwenn yon edikasyon ki depase ale pi wo pase sa yo atann de yo.
Objektif prensipal li te genyen pou
amelyore lavi elèv li yo te vin abouti sou ogmantasyon nòt yo nan egzamen depi
li te kòmanse karyè li kòm direktris nan lekòl Elemantè Hialeah Gardens an 2015.
Autler, yo konnen kòm yon direktris ki gen anpil eksperyans e tout kominote li a
respekte, te pwomote resamman kòm Direktris Rejyon. Li ap resevwa $2,000 prim
kach ak yon vwati lokasyon pou twazan Toyota of North Miami patwone.
Gayan dezyèm plas la se Franklyn J. Glasford, Direktè Sant Edikasyon Adilt North Miami.
Meyè Asistan
Direktè pou Ane 2021 an Samuel J. Louis
Yo nonmen Samuel J. Louis ki soti nan Lekòl
Segondè John A. Ferguson kòm Meyè Asistan
Direktè pou Ane a. Li se yon lidè solid ki travay avèk etik ak anpil enèji,
Louis te asistan direktè nan Lekòl Segondè Ferguson depi twazan. Li te travay
deprè avèk Meyè Direktè pou Ane 2020 an, Rafael Villalobos. Li pral lakay li ak
$1,500 prim kach ak yon televizyon 65-pous Toyota of North Miami bay li.
Gayan dezyèm plas la se Dtè.
Selena Volcy ki soti nan Lekòl Segondè North Miami Beach.
Klike la
a pou gade mesaj videyo
gayan yo.
Se “Dade Association of School
Administrators (DASA)” (Sendika Asosyasyon Administratè Dade) ki patwone
evènman anyèl la.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN
91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou.
# # #
21-DGD/123/HD/SD