Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/28/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Selebre Gayan Prim 'Values Matter Miami’

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè seremoni prim “Values Matter Miami (VMM)” (Valè Enpòtan nan Miami) nan plizyè lekòl nan Distri a pandan senk jou. Pandan seremoni sa yo ki te tou kout, ekip Sèvis Elèv Distri a te vwayaje nan otobis lekòl yo pou rekonèt elèv yo, anplwaye ak lekòl ki genyen prim yo.

Prim ‘Values Matter Miami’ se yon opòtinite pou selebre edikasyon M-DCPS bay elèv chak jou ki baze sou valè. Nan senk dènye ane yo, inisyativ sa a fè anpil pwogrè jan evidans yo montre sa nan amelyorasyon kilti ak konpòtman elèv nan lekòl yo.  Seremoni sa a se aboutisman efò ki fèt ane sa a pou anseye, ransfòse, e selebre konpòtman elèv ki sou menm liy ak nèf valè debaz Distri a.

Elèv ak anplwaye ki ganyan yo resevwa twofe, sètifika ak yon sak kado ki gen divès atik Miami Dolphins, ki se yon patnè kominotè nan ‘VMM’ ofri. Yo te fè selebrasyon atravè medya sosyal tou pou ganyan yo.

Lis sa a gen ladan de (2) elèv, yon pwofesè ak yon lekòl ki ranpòte prim nan:

SITWAYÈNTE
Meilyn Colina, 3èm ane, Sylvania Heights Elementary
Fernard Nolton, 6èm ane, Horace Mann Middle
Erick Costa, P.E. Antrenè, Madie Ives K-8 Preparatory Academy
Lekòl – Coral Reef Elementary  


KOWOPERASYON
Cristian Garciasaquil, 2èm ane, Broadmoor Elementary

George Pickens, 12èm ane, Miami Northwestern Senior High

Yessenia Carvajal, Parapwofesyonèl, Irving and Beatrice Peskoe K-8 Center

Lekòl – Gertrude K. Edelman/Sabal Palm Elementary

EKITE
Sebastian Garcia, Jadendanfan, Andrea Castillo Preparatory Academy
Gianna Siciliano, 8èm ane, Palmetto Middle
Karen Adamson, Pwofesè, Howard D. McMillan Middle
Lekòl - Caribbean K-8 Center

ONÈTETE
Lila Granja, 1ye ane, Leewood K-8 Center
Brianna Johnson, 8èm ane, Georgia Jones Ayers Middle
Karen Rozier-Floyd, Monitè Sekirite, Golden Glades Elementary

Lekòl – Colonial Drive Elementary


ENTEGRITE

Tara Conklin, 4èm ane, Parkview Elementary
Nicholas Guinn, 6èm ane, Jorge Mas Canosa Middle
Jefereal Johnson, JROTC Enstriktè Pwovizwa, Booker T. Washington Senior High
Lekòl – Medical Academy for Science and Technology

JANTIYÈS
Ana Salas, 3èm ane, Claude Pepper Elementary
Kevin Fernandez, 7èm ane, Ernest R Graham K-8 Academy
Natalia Fajardo, Anplwaye Biwo, International Studies Preparatory Academy
Lekòl - Riviera Middle

POUSUIT EKSELANS
Melvin Cox, 4èm ane, Barbara Hawkins Elementary
Andrey Khavtorin, 7èm ane, Aventura Waterways K-8 Preparatory Academy
Sherronni Brady, Asistan Direktè, TERRA Environmental Center
Lekòl – Coral Reef Senior High                                   

RESPÈ
Edier Chiong, 4èm ane, Banyan Elementary
Ronald Candelario-Pérez, 8èm ane, Marcus A. Milam K-8 Center
Kadie Montano, Asistan Direktè, George Washington Carver Elementary
Lekòl – Santa Clara Elementary                                                                                   

RESPONSABLITE
Oscar Melendez, 3èm ane, Norwood Elementary
Javier Armando Espinosa, 11èm ane, Westland Hialeah Senior High
Stacy Sessions, Pwofesè, E.W.F. Stirrup Elementary
Lekòl – Rubén Darío Middle

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/130/HD/RD/CM

Follow us