Tout etablisman Lekòl Leta Miami-Dade
County yo, ak pwogram “Summer305” (Ete305) ak kan ete yo, ak biwo rejyon ak distri
yo ap fèmen lendi 5 jiyè pou obsève konje “Independence Day” (Fèt Endepandans).
Distri a ap reouvè madi 6 jiyè.
Lekòl Leta
Miami-Dade County kontinye ap kontwole Siklòn Elsa ak enpak potansyèl li nan
Sid Florid la. Nou ap kominike w nenpòt chanjman ki ta fèt nan fonksyonman
Distri a.
Pou de`nye
enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi
a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e`
diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/138/JC/SD