Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/23/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Mwayen Jose de Diego Resevwa Espas pou yon Sant Medya Modèn

Yon seremoni koupe riban te fèt maten an pou devwale yon sant medya tounèf, ranpli ak teknoliji nan Lekòl Mwayen Jose de Diego toupre Wynwood nan Miami. Jiska dat jodi a, lekòl sa a se dènye etablisman nan “Lekòl Leta Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki ap patisipe nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)” (Redevlopman Lekòl Mwayen), ki modènize espas yo avèk nouvo ekipman (VR) reyalite vityèl, tablo ‘Promethean’ yon seksyon wobotik ak plis pase yon douzèn estasyon pou òdinatè.

Jose de Diego se youn nan 16 lekòl mwayen piblik nan Miami-Dade ki gen sant medya li ki vin tounen espas modèn ki rich an teknoloji atravè yon patenarya $2 milyon ant M-DCPS, Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak “College Football Playoff National Championship Game Host Committee (CFPNCG)” (Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa Foutbòl Kolèj Nasyonal) pou ane 2021 an.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, ak Direkte Lekòl Mwayen Jose de Diego Keith B. Parrimore te gen avèk yo Adolfo Henriquez ki nan Komite Orange Bowl la ansanm ak pou devwale ofisyèlman sant medya a.




Sipèentandan Carvalho, nan mitan, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dte. Dorothy Bendross-Mindingall ap koupe riban an, avèk patnè yo Thomas Abraham, Chèmann Fondasyon Anthony Abraham, Adolfo Henriquez ki nan Komite Orange Bowl, ak Direktè Lekòl Mwayen Jose de Diego Keith B. Parrimore, t ap ouvri nouvo sant medya a ofisyèlman pandan elèv ak ofisyèl Distri a t ap gade.

 Elèv uityèm ane Ethan Dean, ki t ap dirije seremoni an e salye elèv yo, te kontan anpil pou nouvo sant medya a. Li di, “Mwen renmen li! Lontan li te banal e li te raz. Kounye a yo mete anpil limye ladan e se yon bel bagay pou nouvo elèv yo ki pral gen yon espas pou yo aprann, devlope e briye.”

 Michael Dominguez, yon elèv uityem ane ki t ap dirije Salitasyon Drapo a, se louwanj selman li te genyen pou nouvo espas sa a nan Jose de Diego. Li di, “Mwen santi lekòl la jwenn sa l te bezwen an. Lekòl sa a ekstrawodine e ane mwen pase ladan yo ekselan. Pa gen pi bel eksperyans pase sa – se 10 sou 10!

 

Patnè yo pral kontinye devwale nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ MSR Distri a, ki fèt pou satisfè bezwen san parèy pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl, ak akademik.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho  


Foto anwo a: Elèv sizyèm ane Michael Decius ap eseye youn nan nouvo linèt Reyalite Vityèl (VR) ‘Veative’ yo


# # #

21-DGD/037/HD/CM

Follow us