“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap kòmanse aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet pou ane lekòl 2022-2023 a vandredi 1ye oktòb. Nou ap kontinye aksepte aplikasyon jiska 15 janvye 2022.
Nou ofri plis pase 370 pwogram Magnet pou tout nivo klas yo ki gen ladan kou espesyalize avèk konsantrasyon sou enterè espesyal elèv yo, talan ak abilite yo.
Atravè pwogram Magnet M-DCPS yo, nou prepare elèv yo pou devlope ak briye nan edikasyon apre lekòl segondè ak nan espas travay yo. Pami pwogram ki disponib yo genyen Eksplorasyon Lespas ak Lanmè, ‘Cybersecurity’ (Sekirite sou Entènèt), Envestisman (n ap sèvi avèk tèminal echanj aksyon ‘Bloomberg’ la), Entèlijans Atifisyèl nan Wobotik, Konsepsyon Jwèt ak Animasyon, Medsin, Pwofesyon Enfimyè, Ar Vizyèl ak Pèfòmans, ak Etid Entènasyonal, pou site kèk nan pwogram yo sèlman!
Kòmanse 1ye oktòb, ou kapab antre nan sistèm aplikasyon pwogram Magnet la nan miamimagnets.org/ e l ap disponib nan plizyè lang.
Pou tout dènye enfòmasyon sou pwogram Magnet la, ou k ap suiv pwogram nan sou Twitter nan @miamimagnets. Pou plis enfòmasyon oswa pou pale ak youn nan anplwaye pwogram Magnet la, tanpri rele 305-995-1922.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/039/HD/RD/CM