Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/27/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Fè Patenarya Avèk Jackson Health Pou Bay Resous pou Tibebe ak Fanmi yo

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fè patenarya avèk Jackson Health Systems (JHS) (Sistèm Sante Jackson) pou bay paran enfòmasyon sou enpòtans edikasyon kalite siperyè kòmanse depi timoun yo tou piti, e pou mete aksan sou pwogram ki disponib nan kominote a.

 

Youn nan rezilta nan patenarya sa a, sèke M-DCPS ap bay yon kit ki gen ladan yon bavèt ‘Future M-DCPS Grad’, dezenfektan pou men ak enfòmasyon sou plizyè pwogram aprantisaj enteresan pou nouvo fanmi k ap akouche nan ‘JHS’ – premye sistèm swen sante nan Sid Florid la ki fèt Espesyalman pou Tibebe. Sistèm Sante Jackson nan gen ladan kat (4) lopital pou akouchman tibebe: Lopital pou fi nan Jackson Memorial, Sant Medikal Jackson nan Nò, Sant Medikal Jackson nan Sid ak Lopital José Milton nan Sant Medikal Jackson nan Lwès.

 

Pwogram aprantisaj pou timoun anbazaj yo konsantre sou devlopman sosyo-emosyonèl, langaj, ak devlopman sèvo e yo prepare jèn timoun yo pou lekòl. Gen rechèch ki demontre gwo enpòtans ki genyen nan devlopman sèvo timoun nan senk premye ane nan lavi yo. Eksperyans ak entèraksyon timoun yo fè nan ane sa yo ede yo etabli yon fondasyon pou aprantisaj alavni.

 

Ki sa M-DCPS ofri nan chak etap laj yo?

·         Nan Laj 0-2 ane ‘Early Head Start’ (Lekòl pou Timoun Anbazaj): M-DCPS ofri pwogram sa a gratis pou tibebe ak timoun piti depi nesans jiska 2 ane pou fanmi, ki baze sou revni yo nan kèk lekòl nou chwazi atravè Miami-Dade County atravè pwogram ‘Early Head Start’ (Lekòl pou Timoun Anbazaj) ki resevwa finansman nan men Miami Dade County Community Action & Human Services Department (CAHSD) Head Start/Early Head Start” (Aksyon Kominotè & Depatman Sèvis Imèn Lekòl pou Timoun Anbazaj nan Miami-Dade County). Fanmi yo ka aplike sou entènèt nan headstart.dadeschools.net oubyen an pèsòn nan youn nan lekòl ki ofri pwogram nan. Nou ap aksepte aplikasyon pandan tout ane a.

·         Nan Laj 3 ane: ‘Head Start’: Pwogram ‘Head Start’ M-DCPS la, ki resevwa finansman nan men ‘CASHD Head Start/Early Head Start’, ofri sèvis edikasyon sante, sèvis alimantè, ak angajman fanmi pou timoun kòmanse laj 3 ane pandan yon jounen lekòl konplè. Fanmi ki elijib sou baz revni yo ka enskri sou entènèt nan headstart.dadeschools.net oubyen an pèsòn nan youn nan lekòl ki ofri pwogram sa a. Nou ap aksepte aplikasyon pandan tout ane a.

·         Nan Laj 3 ane: Pwogram ‘Inclusion/Reverse Mainstream’: “The Department of Early Childhood Programs” (Depatman Edikasyon Timoun Anbazaj) ofri plasman pou timoun laj 3 ane nan pwogram “Pre-K special education reverse mainstream” (Kite klas matènèl espesyal e antre nan klas regilye) atravè distri a. Pwogram sa a ofri yon jounen opòtinite konplè, gratis pou elèv ki kalifye pou sèvi kòm modèl pou lòt elèv yo.

·         Nan Laj 4 ane: Pwogram Klas Matènèl Volontè: Pwogram “Voluntary Pre-Kindergarten Program (VPK)” (Klas Matènèl Volontè) se yon pwogram edikasyonèl gratis nou kreye pou prepare timoun 4 ak 5 ane pou lekòl matènèl e pou bati fondasyon pou siksè akademik yo. Nou ofri pwogram ‘VPK’ M-DCPS yo nan plis pase 200 lekòl leta atravè Miami-Dade County.

 

Deziyasyon “Baby-Friendly” (sistèm swen sante ki fèt Espesyalman pou Tibebe) se yon estanda swen moun dezire anpil ki jwenn sipò “World Health Organization” (Òganizasyon Mondyal Lasante) ak “United Nations Children’s Fund (UNICEF)” (Fon Nasyonzini pou Timoun). Pwogram nan rekonèt enstalasyon swen sante ki bay manman yo enfòmasyon, konfyans ak ladrès pou yo kòmanse epi kontinye bay tete avèk siksè oswa bay tibebe yo manje san danje. Li ankouraje nouvo manman ak ti bebe yo tou pou yo rete ansanm nan menm chanm depi yo fèt epi ankouraje kontak kò-a-kò otank posib.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite sit entènèt “Department of Early Childhood Programs” (Depatman Pwogram Edikasyon Timoun Anbazaj) nan https://earlychildhood.dadeschools.net oubyen rele nan 305-995-7632. Nan atachman an w ap jwenn yon feyè ki gen pwogram ki disponib daprè laj timoun yo.

 

Pou plis enfòmasyon sou sèvis yo ofri nan depatman matèmite Sistèm Sante Jackson nan vizite JacksonMaternity.org

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 

Nòt Editè a: Atachman


NAN FOTO A:   Sharon Burbelo, Ofisye Lyezon Swen Sante Matènèl ak Familyal nan Lopital Jackson Memorial pou Swen Sante Fi, kenbe yon bavèt ‘Future M-DCPS Grad’ ki nan kit pou paran tibebe ki fenk fèt nan Sistèm Sante Jackson nan.


# # #

21-DGD/035/HD/RD/CM

Follow us