Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/6/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sant Medya Modèn nan Lekòl Mwayen Howard D. McMillan Se ‘Tou Sa Edikasyon Ta Dwe ye’

Lekòl Mwayen Howard D. McMillan se dènye lekòl ki resevwa yon nouvo sant medya ki rich ak teknoloji gras avèk don $2 milyon dola Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa nan patenarya avèk “the College Football Playoff Foundation and the 2021 College Football Playoff National Championship Game Host Committee” (Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa Foutbòl Kolèj Nasyonal pou ane 2021 an).

 

Nan yon seremoni koupe-riban ki te fèt yiè maten, nou te devwale espas modèn sa a, kòm yon pati nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)” (Redevlopman Lekòl Mwayen Distri a) ki modènize sant medya yo avèk nouvo aparèy kas ‘Veative’ Reyalite Vityèl (VR), tablo ‘Promethean’, yon seksyon wobotik ak plis pase yon douzèn estasyon òdinatè pou elèv.

 

Monique Alfonso, yon ansyen elèv lekòl la ki nan twazyèm ane nan lekòl segondè G. Holmes Braddock felisite sant la paske li bay elèv yo yon kote pou detann ak kalme anksyete yo. Li di: “Tout bèl chèz konfòtab sa yo amelyore prezantasyon espas la e yo bay elèv yo yon plas yo ka apresye olye de miray gri ki antoure nan salklas yo. Yo kapab apresye koulè yo ki pral enspire kreyativite. E sa enpòtan anpil pou pwogram magnet medikal ak wobotik nou an, de (2) pwogram magnet nou gen nan lekòl la.”

 

Lekòl Mwayen Howard D. McMillan se youn nan 16 lekòl piblik nan Miami-Dade ki gen sant medya li ki vin tounen yon espas modèn. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komite Konsèy Lekòl la Dr. Marta Pérez ak Direktris Lekòl Mwayen Howard D. McMillan Dr. Felicia K. Joseph ansanm avèk Direktè Jeneral Komite Orange Bowl la Eric Poms ak Direktè li fèk ranplase a Jeff Rubin pou devwale ofisyèlman sant medya a.



MOUN K AP KOUPE RIBAN YO - soti a goch rive a dwat – Obie maskòt Orange Bowl la, Direktè Jeneral OBC Eric Poms, Ansyen Direktè Jeneral OBC Jeff Rubin, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Direktris Lekòl Mwayen Howard D. McMillan Dr. Felicia K. Joseph ak Manm Komite Konsèy Lekòl la Dr. Marta Pérez ansanm ak elèv Jason Sum, ap devwale nouvo sant medya a.


Dale Adamson ki se pwofesè Matematik ak Wobotik nan lekòl la di, “Pou mwen, espas sa a reprezante tout sa edikasyon ta sipoze ye.” Se yon espas fleksib nou kapab itilize pou diferan fonksyon, e nou gen sal la tou nou ka divize an plizyè gwoup ak fòm. Espas sa a vrèman bay elèv nou yo yon sant aktivite pou yo eksplore ak fè dekouvèt.

 

Patnè yo pral kontinye devwale nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ MSR Distri a, ki fèt pou satisfè bezwen san parèy pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl, ak akademik.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi-vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho 


NAN FOTO A:  Alex Parra, goch, elèv klas 8èm ane ak Alexander Navarro, adwat, elèv klas 7èm ane nan pwogram wobotik la ap prezante youn nan pwojè klas yo.


# # #

21-DGD/042/HD/RD/CM

Follow us