Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/6/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Revize Pwotokòl COVID-19 yo

Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ap kontwole kondisyon lokal COVID-19 yo lè y ap konsidere modifikasyon nan pwotokòl sante ak sekirite ki deja egziste yo. Desizyon sa yo baze sou dènye done ki soti nan “Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi), “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid), Miami-Dade County, ak konsèy ki soti nan men Komite Pwovizwa Sante Piblik la ak Gwoup Travay Ekspè Medikal yo.

 

Daprè tandans done aktyèl yo, pwotokòl nou yo efikas nan ede diminye pwopagasyon COVID-19 la. Pi bon prèv efikasite pwotokòl nou an se diminisyon nan kantite ka elèv ki pozitif nan lekòl nou yo, ki toujou kontinye ap desann apre li te monte byen wo apre konje Jounen Travay la. Kòm kondisyon kominote a amelyore anpil, peryòd karantèn pou elèv nan lekòl mwayen ki pa vaksinen nan yo ap redui apati lendi 11 oktòb 2021 pou mete yo sou menm liy ak pwotokòl aktyèl la pou adilt ki pa vaksinen ak elèv lekòl segondè yo.

 

Elèv ki pa vaksinen nan elèv lekòl mwayen yo ka retounen lekòl apre 10 jou depi yo te ekspoze san yo pa fè tès COVID-19 la, oswa yo vini avèk yon tès PCR negatif yo te fè nan jou oswa sou senkyèm jou depi yo te ekspoze a depi yo rete san sentòm.

 

M-DCPS ap kontinye suiv lasyans, konsilte avèk ekspè medikal nou yo, epi revize pwotokòl nou yo chak semèn pou idantifye opòtinite pou plis detant, tankou fè ajisteman nan pwotokòl mask yo nan etablisman nou yo.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi-vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/044/HD/SD/RD/CM

Follow us