“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye fè patenarya
avèk “University of Miami Health System Pediatric Mobil Clinic” (Inite
Pediatrik Mobil Sistèm Sante Inivèsite Miami) pou ofri tès COVID-19, vaksen
obligatwa pou antre lekòl ak vaksen COVID-19 pou elèv yo ki elijib.
Nou
atache feyè ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, orè, ak lè
yo ap bay vaksen yo pandan tout mwa oktòb la.
Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen
an. Tout moun ki poko gen laj 18 an k ap resevwa yon vaksen dwe akonpaye avèk
yon paran oubyen gadyen.
Pou elèv elijib pou resevwa vaksen
COVID-19, li DWE gen omwen 12 ane nan jou y ap resevwa vaksen an. Yo dwe ranpli
yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan sit
lekòl la.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l,
silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN
91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè
telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
Atachman
# # #
21-DGD/043/HD/RD