Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/14/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid Ap Onore Pwofesè Ar M-DCPS

Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid Ap Onore Pwofesè Ar M-DCPS

 

“The Florida Art Education Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid) pral onore twa pwofesè Ar “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pandan konferans Ar li a pou ane 2021 an nan vil Orlando nan samdi 16 oktòb 2021.

 

Pwogram prim ‘FAEA’ yo rekonpanse moun ki reyalize pi wo nivo pwofesyonalis nan edikasyon atistik. Nou ap onore edikatè ak asistan sa yo:

 

·         Prim Meyè Edikatè Ar pou Ane a nan Lekòl Elemantè, Kristie Martinez, M-DCPS Depatman Ar Vizyèl

·         Prim Meyè Edikatè Ar pou Ane a nan Lekòl Segondè, Jenny Gifford, New World School of the Arts

·         Prim Meyè Lidè Asosyasyon Edikasyon Ar Lokal nan Florid, Zahra Farooq, West Lakes Preparatory Academy

Men lòt moun y ap onore tou:

 

·         Prim Nouvo Pwofesyonèl, Francesca Levy, Mater Grove Academy

·         Prim Sèvis Kominotè/Enstitisyon/Kòporasyon, Theodora Hayes Long, Biscayne Center (patnè M-DCPS)

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Mabel Morales, Sipèvizè Distri Divizyon Aprantisaj, Ar Vizyèl ak Pèfòmans nan Mmorales14@dadeschools.net.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi-vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/045/HD/RD/SD

Follow us