Peryòd Aplikasyon Pwogram Magnet Renome M-DCPS la Louvri
“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap ofri pwogram
Magnet “Science, Technology and Arts Exploration and Innovation (STArts)”
(Syans, Teknoloji ak Eksplorasyon ak Inovasyon Atistik) nan de (2) lekòl ki ap
kòmanse ann otòn 2021, avèk yon aplikasyon konplè nan otòn
2022. Lekòl Elemantè Frances S. Tucker ak Hubert O. Sibley K-8 Academy ap
ofri pwogram nan bay elèv ki enterese yo pou angaje nan etid eksplorasyon
lespas, lanmè ak eksplorasyon latè, ak inovasyon, atravè opòtinite aprantisaj
pratik.
Atravè kinesyoloji, elèv nan Lekòl Elemantè Frances S.
Tucker yo pral etidye mouvman kò moun e yo ap aplike konesans sa a nan syans,
matematik, jeni, teknoloji (STEM), ak dans. Akademi Hubert O. Sibley K-8
pral ofri elèv li yo yon pwogram STEM epi aplike konesans sa yo nan etid ar
vizyèl ak grafik.
STArts se youn nan plis pase 370 pwogram san parèy ki
baze sou tèm ki konsantre sou enterè espesyal, talan ak abilite elèv yo ki pral
gen plas disponib pou ane lekòl 2022 a.
Peryòd aplikasyon Magnet sou entènèt la, louvri nan dat
1ye oktòb pou fini 15
janvye 2022. Fanmi ki enterese aplike nan youn nan pwogram Magnet yo, tanpri vizite miamimagnets.org. Aplikasyon
an disponib nan plizyè lang.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo
Leko`l lendi-vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten
sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
21-DGD/040/HD/RD/SD