Yon seremoni koupe
riban te fèt yè maten pou devwale yon sant medya tounèf, ranpli ak teknoliji
nan Lekòl Mwayen Lawton Chiles. Jiska dat jodi a, lekòl sa a se dènye etablisman
nan “Lekòl Leta Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) ki ap patisipe nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)”
(Redevlopman Lekòl Mwayen), ki modènize espas yo avèk koulè briyan, nouvo mèb
konfòtab, ekipman (VR) reyalite vityèl, tablo ‘Promethean’, yon seksyon wobotik
ak plis pase yon douzèn estasyon pou òdinatè.
Inisyativ sa a
te vin posib gras ak yon patenarya $2 milyon ant M-DCPS, Fondasyon ‘College
Football Playoff’ ak “College Football Playoff National Championship Game Host
Committee (CFPNCG)” (Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa Foutbòl Kolèj Nasyonal)
pou ane 2021 an.
Elèv uityèm ane
Kennedy Granville, youn nan elèv ki te pale pandan seremoni an, te sèlman
eksprime satisfaksyon li pou nouvo sant medya sa a, “Mwen panse fiti ‘Eagles’
yo pral gen yon nouvo espas inovasyon ki konplè pou yo, pou aprann e pou yo fè
pratikman tout bagay.”
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, ak Direktris Lekòl Mwayen Lawton Chiles Stephanie M. Tudor te akonpaye avèk Prezidan Eli Komite Orange Bowl la (OBC) Frank Gonzalez, Direktè Jeneral OBC Eric Poms ak Thomas Abraham, Chèmann Fondasyon Anthony Abraham pou devwale sant medya sa a ofisyèlman.
Pwofesè nan Lekòl
Mwayen yo eksprime kontantman yo tou pou nouvo espas modèn sa a. Enstriktè
Syans ak Wobotik Patricia Bennett di, “Sa se yon espas eksepsyonèl nou pral
byen itilize. Teknoloji se lavni! Elèv mwen yo itilize l pou fè rechèch, gade,
aprann e antre nan pwosesis syans jeni an. Chak fwa yo wè yon nouvo bagay ki
eksite yo, y al eseye li. Elèv mwen yo se timoun ekstraòdinè e mwen konnen yo
pral byen itilize espas sa a.”
Patnè yo pral
kontinye devwale nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ MSR Distri
a, ki fèt pou satisfè bezwen san parèy pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl,
ak akademik.
Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/046/HD/CM/RD