Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/1/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Nouvo Pwotokòl Sekirite pou COVID-19

Depi kòmansman pandemi an, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te konte sou lasyans ak done syantifik yo pou gide nou nan desizyon n ap pran konsènan pwotokòl COVID-19 yo. Desizyon sa yo te baze sou done ki soti nan “Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) ak “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid), anplis konsèy Gwoup Travay Sante Piblik la ak Ekspè Medikal yo.

 

M-DCPS ap suiv done espesifik ki gen rapò ak COVID ki ta pèmèt nou relache pwotokòl sante ak sekirite ki an vigè kounye a. Dapre kondisyon aktyèl COVID-19 yo, kòmanse madi 2 novanm 2021, nou ap ajiste pwotokòl nou yo konsa:

 

Paran elèv ki nan lekòl segondè ak lekòl mwayen regilye yo ap kapab chwazi kounye a si yo vle oubyen si yo pa vle pou pitit yo mete kouvèti figi akoz yon pwovizyon chwa parantal. Paran ki vle pwofite chanjman nan règleman sa a pou pitit yo pa mete kouvèti figi ap bezwen ranpli yon fòm epi retounen li nan lekòl pitit yo. Ou ka telecheje fòm yo sou entènèt nan https://backtoschool.dadeschools.net/ oswa ou ka jwenn li nan lekòl pitit ou a. Anplis, anplwaye ki konplètman pran vaksen nan lekòl segondè ak lekòl mwayen regilye yo, ansanm ak anplwaye ki pa nan andwa lekòl yo, ka chwazi pou yo pa mete kouvèti figi.

 

Nou avize paran yo byenke kondisyon lokal yo amelyore epi Distri a ap revize pwotokòl COVID-19 yo, ‘CDC’ kontinye rekòmande pou tout moun an jeneral mete mask nan lekòl yo, kèlkeswa kondisyon vaksinasyon yo. M-DCPS ap ofri tès COVID-19, vaksen obligatwa pou lekòl ak vaksen COVID-19 pou elèv ki kalifye yo an patenarya ak “University of Miami Health System Pediatric Mobile Clinic” (Inite Mobil Klinik Pediatrik Sistèm Sante Inivèsite Miami an) ak “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid). Pou plis enfòmasyon vizite https://www.dadeschools.net.

 

M-DCPS ap kontinye suiv lasyans, konsilte ak ekspè medikal yo, epi revize pwosedi li yo chak semèn pou idantifye opòtinite pou fè ajisteman nan pwotokòl COVID-19 yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi – vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/055/HD/RD/CM/SD

Follow us