Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/9/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Nouvo Pwotokòl COVID-19 pou Elèv Elemantè ak Sant K-8 yo

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) toujou  konte sou lasyans ak done syantifik yo pou pran desizyon konsènan pwotokòl COVID- 19 yo depi kòmansman pandemi an. Desizyon sa yo te baze sou done ki soti nan “Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) ansanm ak “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid), anplis konsèy nou resevwa nan men ekip travay ekspè sante piblik ak ekspè medikal yo.

 

M-DCPS kontinye ap suiv enfòmasyon espesifik ki ka pèmèt Distri a fè yon relachman nan pwotokòl sante ak sekirite ki egziste kounye a. Baze sou gran amelyorasyon nan kondisyon aktyèl COVID-19 yo nan kominote ak nan lekòl nou yo, kòmanse vandredi 12 novanm 2021, se pwotokòl sa yo nou pral aplike:

 

Paran elèv nan tout lekòl, ki gen ladan elèv ki nan sant K-8 ak lekòl elemantè tradisyonèl yo, pral kapab chwazi kounye a si pitit yo ap mete mask oubyen kouvèti pou vizaj yo atravè dispozisyon n ap pran  pou sa. Paran ki swete pwofite dispozisyon sa a ap bezwen ranpli yon fòm pou refize mask la e remèt li nan lekòl pitit yo. Nou ka telechaje fòm sa a nan https://backtoschool.dadeschools.net/ oubyen nou ka jwenn li nan lekòl pitit nou. Anplis, anplwaye nan kèlkeswa lekòl la ki pran tout dòz vaksen yo ka chwazi pou yo pa mete mask oubyen kouvèti pou vizaj yo.

 

Pandan kondisyon lokal yo ap amelyore e distri lekòl la ap revize pwotokòl COVID-19 li yo, CDC kontinye rekòmande pou tout moun mete mask nan lekòl yo, kèlkeswa sitiyasyon vaksinasyon yo. M-DCPS ofri tès COVID-19, vaksen obligatwa pou timoun antre lekòl, ansanm ak vaksen kont COVID-19 pou elèv ki ranpli kondisyon yo an patenarya avèk Sistèm Sante ‘University of Miami’ ak FDOH. Pou plis enfòmasyon, vizite https://www.dadeschools.net/.

 

M-DCPS ap kontinye suiv lasyans, n ap konsilte ekspè medikal yo, e revize pwotokòl nou yo chak semèn pou idantifye opòtinite pou fè plis ajisteman nan pwotokòl COVID-19 yo.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/057/AR/CM/RD

Follow us