Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/12/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Agrandi Pwogram Vaksinasyon Pedyatrik COVID-19 nan Ajoute Timoun 5 Ane ak Pi Gran

 “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral agrandi pwogram vaksinasyon volontè COVID-19 li a pou li ajoute tout timoun ki gen laj 5-11 an. M-DCPS ap fè patenarya avèk Miami-Dade County (MDC), ‘The Children’s Trust’, ‘Florida Department of Health (FDOH)’, ‘University of Miami Health System (UHealth) Pediatric Mobile Clinic’, ‘Jessie Trice Community Health Center (JTCHC)’ ak ‘Community Health of South Florida (CHI)’ pou ofri vaksen yo nan pllizyè douzèn lekòl atravè Distri a.

 

Andwa Klinik Mobil Pedyatrik UHealth yo pral ofri vaksen COVID-19 ansanm ak vaksen kont grip la, vaksen obligatwa lekòl yo, ak tès COVID-19. Anplis, Miami-Dade County pral ofri vaksen COVID-19 bay timoun ak adilt nan kominote nou an nan divès andwa lekòl. Tout moun ki poko gen 18 ane ki ap pran vaksen dwe akonpaye ak yon paran oswa yon gadyen. Nou ankouraje ou pran yon randevou davans sou entènèt lè w vizite https://public.domo.com/cards/jR8l5

 

Ou ap jwenn atachman feyè yo ann Anglè, Espanyòl ak Kreyòl ki gen lis andwa yo, dat ak lè yo ap bay vaksen yo pou tout mwa novanm nan ki ap disponib pou kominote an.

 

Pou elijib pou vaksen COVID-19 la, elèv yo DWE gen omwen senk ane nan jou yo ap resevwa li a. Yo dwe deja genyen tou depistaj vaksen COVID-19 la ak fòm konsantman an, ki ap disponib nan andwa yo. Nou ap akeyi elèv yo san randevou.

 

Atravè patenarya avèk FDOH, JTCHC ak CHI, nou ap ofri vaksen pedyatrik COVID-19 tou bay elèv nan kèk andwa lekòl nou chwazi. Lekòl la ap kontakte elèv ki elijib yo. Paran elèv ki ap pran vaksen an nan lekòl yo chwazi yo pa bezwen prezan, men yo dwe ranpli epi retounen depistaj vaksen an ak konsantman yo nan lekòl pitit yo a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi – vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 

Nòt Editè a: Atachman feyè


# # #

21-DGD/054/JC/SD/RD

Follow us