Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/16/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Hantman, Gallon Retounen pou Dirije Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County pou 2021-2022

Perla Tabares Hantman re-eli pou katòzyèm fwa san parèy kòm Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County. Madam Hantman, ki reprezante Distri 4, te eli orijinalman nan Komisyon Konsèy Lekòl la an 1996. Li se premye fi Espanyòl ki te sèvi kòm Chèmann, e li te sèvi anvan de 1999-2001, e apre sa chak ane konsekitif de 2010-2015 e ankò de 2017 a 2021.

 

Hantman di, “Avèk anpil apresyasyon ak antouzyas, mwen aksepte gwo onè sa a kòlèg mwen yo ba mwen... Kòm yon Manm Konsèy, avèk asistans Sipèentandan an, ak ekip li a, pwofesè ak anplwaye sipò nou yo, nou gen responsablite pou amelyore edikasyon ak anviwònman aprantisaj pou elèv nou yo.”

 

Doktè Steve Gallon III re-eli kòm Vis Chèmann. Doktè Gallon, ki reprezante Distri 1, te premye eli nan Komisyon Konsèy Lekòl la an 2016. Sa fè twazyèm fwa li ap sèvi kòm Vis Chèmann.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/053/HD/SD

Follow us