Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/19/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade, Etablisman Li yo Ap Fèmen 25-26 Novanm pou Obsève Selebrasyon ‘Thanksgiving’

Tout Lekòl Leta Miami-Dade County yo, ansanm ak biwo Rejyon ak biwo Distri yo ap fèmen jedi 25  novanm ak vandredi 26 novanm pou obsève “Thanksgiving” (Jou Remèsiman) an. Tout etablisman yo ap reouvè lendi 29 novanm.

 

Anplis, Mèkredi 24 novanm se yon jou planifikasyon pou pwofesè, donk pap genyen lekòl pou elèv yo nan jou sa a.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/057/HD/RD/CM

Follow us