Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/22/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Mwayen Miami Beach Nautilus Devwale ‘Espas Modèn’ pou Yon Sant Medya

Yon seremoni koupe riban te fèt maten an pou devwale yon sant medya tounèf, ranpli ak teknoliji nan Lekòl Mwayen Miami Beach Nautilus. Jiska dat jodi a, lekòl sa a se dènye etablisman nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki ap patisipe nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)” (Redevlopman Lekòl Mwayen), ki modènize espas yo avèk koulè briyan, nouvo mèb konfòtab, ekipman (VR) reyalite vityèl, tablo ‘Promethean’, yon seksyon wobotik ak plis pase yon douzèn estasyon pou òdinatè.

 

Inisyativ sa a te vin posib gras ak yon patenarya $2 milyon ant M-DCPS, Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak “College Football Playoff National Championship Game Host Committee (CFPNCG)” (Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa Foutbòl Kolèj Nasyonal) pou ane 2021 an.

 

Anpil elèv nan klas wobotik yo te kontan anpil avèk nouvo sant medya a. Simon Paley, yon elèv uityèm ane di “Nouvo sant modèn sa a ouvri anpil opòtinite pou nou e li pèmèt nou pratike wobotik isit la. Sèl opsyon nou te genyen anvan sa te yon klib, men kounye a nou gen yon vrè klas. Nou ka eseye plizyè pratik alafwa pou teste diferan wobo.”

 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl la Lucia Baez-Geller ak Direktris Lekòl Mwayen Miami Beach Nautilus Mary V. Murphy te akonpaye avèk Direktè Jeneral OBC Eric Poms, Manm Komite Orange Bowl la (OBC) Adolfo Henriques, ak Direktè Egzekitif Fondasyon ‘College Football Playoff’ Britton Banowsky, pou devwale sant medya sa a ofisyèlman.



Nan foto a, nan mitan avèk sizo a: Direktris Lekòl Mwayen Nautilus, Murphy, Manm Komisyon Konsèy Lekòl  Baez-Geller ak Sipèentandan Carvalho, te akonpanye avèk patnè ak anplwaye distri a, pwofesè lekòl la, elèv ak maskòt ‘Orange Bowl’ “Obie” pou louvri nouvo sant medya a ofisyèlman.

 

Tessa Lake, yon elèv uityèm ane, panse sant medya sa a enpòtan pou plizyè rezon. Li di ”Sant la espesyal paske anpil moun travay byen di pou rive kote nou ye jodi a. Se trè enpòtan paske sant medya a bèl anpil, li parèt modèn anpil epi koulè yo itilize yo ekstrawòdinè. Mwen renmen l paske li gen anpil espas epi jan li byen òganize. Mwen kontan anpil. Ti frè m nan apèn kòmanse 6èm ane nan lekòl mwayen, l ap gen pou l pase twa (3) ane ak nouvo sant medya sa a, se vrèman enteresan.

 

Patnè yo pral kontinye devwale nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ MSR Distri a, ki fèt pou satisfè bezwen san parèy pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl, ak akademik.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 

# # #


# # #

21-DGD/058/HD/RD/CM

Follow us