Nan Reyinyon Espesyal ki te fèt 5 janvye 2022 a,
Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade la apwouve kondisyon kalifikasyon minimòm
pou kandida ki enterese aplike pou pozisyon Sipèentandan Lekòl yo.
Sipèentandan an se ofisye egzekitif anchèf distri
lekòl la e li rapòte dirèkteman devan Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la.
Sipèentandan an responsab pou administrasyon ak jesyon lekòl nan Distri a ak
sipèvizyon enstriksyon yo.
Men kondisyon
kalifikasyon yo:
Aplikan ki
enterese yo dwe remèt yon lèt ki deklare entansyon yo ansanm ak rezime yo bay
Avoka Komisyon Konsèy Lekòl la pa pi ta pase mèkredi 12 janvye 2022 a 5è nan
aprèmidi atravè imèl nan MDCPSSuperintendentApplication2022@dadeschools.net e pa lapòs bay
Walter J.
Harvey, School Board Attorney, School Board Attorney’s Office, 1450 N.E. 2
Avenue, Suite 430, Miami Florida, 33132.
Pou plis
enfòmasyon, vizite https://MDCPSSuperintendentApplication2022.dadeschools.net oswa kontakte Biwo Avoka Komisyon Konsèy
Lekòl la nan 305-995-1304.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl,
silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la
sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
22-DGD/076/HD/RD/CM