Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/11/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

*******VÈSYON MODIFYE******* Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la Apwouve Kondisyon Kalifikasyon yo epi Kòmanse Pwosesis Rechèch pou Sipèentandan Lekòl yo N ap Aksepte Aplikasyon jiska 12 Janvye 2022

Nan Reyinyon Espesyal ki te fèt 5 janvye 2022 a, Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade la apwouve kondisyon kalifikasyon minimòm pou kandida ki enterese aplike pou pozisyon Sipèentandan Lekòl yo.

 

Sipèentandan an se ofisye egzekitif anchèf distri lekòl la e li rapòte dirèkteman devan Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la. Sipèentandan an responsab pou administrasyon ak jesyon lekòl nan Distri a ak sipèvizyon enstriksyon yo.

 

Men kondisyon kalifikasyon yo:

·         Omwen, yon diplòm metriz oswa pi wo; doktora prefere.

·         Demontre eksperyans yon pwofesè ki te anseye nan salklas: twa ane eksperyans ansèyman ki trè efikas nan salklas nan yon lekòl piblik.

·         Demontre eksperyans kòm direktè lekòl, ak eksperyans nan nivo distri.

·         Setan eksperyans responsablite avanse nan administrasyon lekòl piblik.

·         Yon bonjan konpreyansyon sou kominote nou an ki trè divèsifye ak konesans sou bezwen elèv nou yo, ki gen ladan Elèv K ap Aprann Anglè, Elèv Edikasyon Eksepsyonèl, elèv ki gen difikilte akademik, elèv nou yo ki gen don ak talan, ak elèv nou yo ki soti nan katye ki defavorize ekonomikman.

·         Konesans nan administrasyon, sipèvizyon, kourikoulòm, biznis, jesyon pèsonèl ak evalyasyon pwogram.

·         Konpetans kominikasyon oral ak ekri.

·         Kapasite pou travay ak divès gwoup moun.

·         Konesans ak eksperyans nan pwogram òdinatè nan estanda endistri.

 

Aplikan ki enterese yo dwe remèt yon lèt ki deklare entansyon yo ansanm ak rezime yo bay Avoka Komisyon Konsèy Lekòl la pa pi ta pase mèkredi 12 janvye 2022 a 5è nan aprèmidi atravè imèl nan MDCPSSuperintendentApplication2022@dadeschools.net e pa lapòs bay

Walter J. Harvey, School Board Attorney, School Board Attorney’s Office, 1450 N.E. 2 Avenue, Suite 430, Miami Florida, 33132.

 

Nenpòt moun nan piblik la ki vle fè komantè sou kalifikasyon yo mande pou yon moun vin Sipèentandan Lekòl yo kapab voye kòmantè yo alekri nan: PublicComment-MDCPS-SuperintendentApplicants@dadeschools.net epi/oubyen kite yon mesaj anrejistre nan 305-731-2377. Nou ap analize kòmantè piblik yo e nou ap ajoute yo nan achiv nou. Nou vle ou konnen se pa tout kòmantè nou resevwa n ap konsidere kòm dosye piblik.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite https://MDCPSSuperintendentApplication2022.dadeschools.net oswa kontakte Biwo Avoka Komisyon Konsèy Lekòl la nan 305-995-1304.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

22-DGD/076/HD/RD/CM

Follow us