Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/12/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Vote pou Amande Pwogram Lejislatif Eta, ak Federal Komisyon an Te Apwouve pou 2022 Li mande pou gen fleksibilite nan egzijans sou evalyasyon ak responsabilite yo

Akoz entèripsyon ki kontinye nan ansèyman ak aprantisaj akòz absans elèv ak pwofesè pandemi COVID-19 la lakòz, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” Lekòl Leta Miami-Dade County ap mande Depatman Edikasyon Florid ak Depatman Edikasyon Etazini pou bay fleksibilite sou egzijans evalyasyon ak responsablite pou ane lekòl 2021-2022. Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la te apwouve demand pou chanje pwogram lejislatif federal ak eta 2022 distri a nan reyinyon mansyèl li jodi a. Distri a ap chèche fleksibilite nan domèn sa yo:

 

• Kondisyon demand gradyasyon pou klas 2021-2022

• Kondisyon pou retni elèv nan klas 3èm ane

• Amelyorasyon Nòt akademik/nòt lekòl yo

• Itilizasyon eleman kwasans akademik nan evalyasyon pwofesè yo

 

Rekòmandasyon sa yo fèt akoz kondisyon trè difisil Distri a ap fè fas pandan to pozitivite COVID-19 nan kominote a rive nan mwayèn 35 pousan, selon done ofisyèl Miami-Dade County prezante nan dat 10 janvye 2022. Jiska jodi a, gen plis pase 130,000 jounen enstriksyonèl ki pèdi akoz absans elèv nan lekòl. 

 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Yon fwa ankò, nou bezwen konsidere deranjman ki asosye avèk dènye varyan COVID sa a, e nou dwe plede anfavè responsablite rezonab ansanm ak relachman ki nesesè nan egzijans sou evalyasyon ki gen anpil enpòtans yo e ki gen gwo enpak sou elèv, pwofesè ak lekòl yo. Nou swete atik sa a kapab pataje pami asosyasyon sipèentandan yo pou resevwa sipò atravè eta a.”

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

22-DGD/081/HD/CM/RD/SD

Follow us