Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/12/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Resevwa 16 Aplikasyon pou Pozisyon Sipèentandan Lekòl Miami-Dade

Aplikan ki nan lis anba a te remèt lèt ak rezime yo bay Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid la pou demontre enterè yo pou pòs Sipèentandan Lekòl yo dapre pwosesis aplikasyon Komisyon Konsèy Lekòl la te etabli nan yon reyinyon espesyal ki te fèt 5 janvye 2022. Yo ta dwe resevwa tout aplikasyon yo anvan 5è diswa jodi a.

 


Aguilera, Elton

 

Brown, Gabriela M.

 

Cohen, Michael

 

Cuevas, Dtè. Ada I.

 

Dtè. Dotres, Jose L.

 

Duhart, Danita C.

 

Dtè. Espinal, Rafaela

 

Gonzalez, Juan

Dtè. Hobbs, Sherrell

 

Dtè. Innerarity Rosales, Ava D.

 

Negron, Derek

 

Oliva, Jacob

 

Dtè. Rico, Oscar

 

Saati, Nalisa S.

 

Thorpe, Shawn C.

 

Walke, Daniel


 

Ou ka wè lèt deklarasyon ak rezime aplikan nou mansyone anwo yo nan ?Folder icon MDCPS 2022 Superintendent Applications.

Komisyon Konsèy Lekòl la pwograme yon reyinyon espesyal pou madi, 18 janvye 2022 a 10è dimaten pou detèmine pwosesis ki apwopriye pou chwazi, idantifye ak anboche yon aplikan kalifye pou sèvi kòm Sipèentandan Lekòl yo. Reyinyon an ouvri pou piblik la epi l ap fèt nan oditoryòm bilding Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid, ki lokalize nan 1450 N.E. 2nd Avenue, Miami, Florid, 33132. Reyinyon an ap difize andirèk sou WLRN-Chènn 17 ak estasyon radyo WLRN-FM (91.3). Anplis, piblik la ka wè oswa li soutitraj Reyinyon Espesyal Komisyon Konsèy la nan https://www3.dadeschools.net/SchoolBoard/information epi klike sou bouton “Web Simulcast” (emisyon radyo-televize) ki sou bò goch nan paj navigatè a.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite https://MDCPSSuperintendentApplication2022.dadeschools.net oswa kontakte Biwo Avoka Komisyon Konsèy Lekòl la nan 305-995-1304.


# # #

22-DGD/080/JC/RD/CM

Follow us